Pou restriktire lekòl Ayiti

Emmanuel W. Védrine
otòn 1999

Ecoliers haïtiens
Ecoliers.© P. Giraud

Restriktire lekòl Ayiti se yon tèm ki ta parèt yon ti jan vas pou n diskite, tèlman domèn lekòl Ayiti a chaje ak pwoblèm e mwen kwè si nou menm edikatè, chèrchè ayisyen k ap viv nan dyaspora a pa panse seryezman a sa, edikasyon Ayisyen ka efondre nan venteyinyèm syèk la.

Premyèman, nou ka vize pwoblèm nan soti anwo desann :

  1. Leta
  2. Monopòl lekòl
  3. Anseyan
  4. Elèv

Nan premye kategori a, li enposib pou n pa ta pale de leta kòm engredyan pi enpòtan nan koze a ki gen pouvwa fè e defè. Nan kad sa a, nou ka al gade premyèman Konstitisyon 1987 la kòm bousòl (kisa l di sou zafè edikasyon) e de la, nou ka kesyone responsablite leta (èske l ap travay nan respè konstitisyon an pou l garanti yon edikasyon gratis a tout moun?). Men nan menm kesyon sa a tou nou ka poze, fò n pa kouri blame gouvèlman aktyèl la san n pa ta fè bak nan listwa pou wè sa lòt gouvèlman te kite e an menm tan, retounen o prezan pou jete yon koudèy sou palman an ki an majorite p ap regle anyen serye, ki plis eseye bòykote yon seri pwojè lwa ekzekitif la ta pwopoze nan kad devlopman Ayiti (si n ap gade konpòtman yo pandan plis pase yon ane pou bloke gouvènman an konplètman).

Nan dezyèm kategori a, monopòl lekòl, premye kesyon nou ta ka poze avan n ouvè diskisyon, se: kilès ki gen monopòl lekòl Ayiti (leta oubyen sektè prive a)? Se yon kesyon ki fasil pou reponn lè n konnen majorite lekòl Ayiti se prive yo ye. Nan menm klasman prive a, nou gen lekòl bòlèt yo, kolèj prive, ak kolèj relijye yo. Pou lekòl bòlèt yo, se yon seri lekòl w ap jwenn yon direktè Sovè alatèt yo. Se yon biznis pate cho pou ouvè yon lekòl Ayiti pou fè lajan e depi moun nan gen koneksyon ak ti lamama, sa pa pran tan pou l lwe yon kote, bare chak chanm ak kès nas epi mete yon ansèy Kolèj Prive Sesi Sela.

Nan menm klasman prive a, plizoumwen, gen kèk anseyan ki ka gen yon fòmasyon pedagojik ki ka fonde yon lekòl, kote plizoumwen w ap jwenn kèk anseyan kalifye k ap fè kou ladan yo. Pou lekòl relijye yo ( potestan ou katolik ), ta sanble yo pi òganize (patikilyèman, katolik yo) e si n pakouri listwa lekòl Ayiti, soti nan Le Concordat de 1860 , nou ka remake dominans lekòl katolik yo k ap taye banda depi epòk la pou rive nan fen syèk sa a. Leta konnen egzistans yo e menm moun k ap travay nan leta panse yo ta ofri meyè edikasyon; donk anpil fwa se la pitit yo ale. Se vre yo gen yon sòt òganizasyon, yo devlope pwòp materyèl didaktik yo, men kesyon nou ka poze se: ki pousantay nan popilasyon elèv Ayiti ki ka benefisye de lekòl sa yo? Pou reponn kesyon sa a, nou vin tonbe nan aspè ekonomik lan, kote majorite timoun Ayiti pa gen aksè pou yo ta resevwa yon edikasyon nan lekòl relijye sa yo pase yo koute kòb.

Men kit se elèv ki nan lekòl bòlèt, lekòl prive, lekòl relijye, yo sèvi ak materyèk didaktik lekòl relijye yo devlope (pa egz., lè n ap gade majorite materyèl didaktik F.I.C devlope ou pibliye). Nou ka gade sa kòm yon monopòl tou nan domèn devlopman materyèl didaktik k ap sèvi lekòl. La a, gen kèk parantèz pou kritik ouvè.

Nan twazyèm kategori a, anseyan, kisa n ka di? Repons lan: anpil koze! Premye kesyon nou ka poze se: Ki fòmasyon anseyan ayisyen yo ? Pou reponn kesyon sa a, nou ka pase tout nivo yo an revi (elemantè / mwayen, segondè, siperyè). Majorite anseyan yo pa resevwa yon fòmasyon pedagojik avan menm yo vin dèyè yon tablo (nou ka antre nan faz sa a anseyan elemantè /mwayen ak nivo segondè ki pi enpòtan nan gwo pepinyè edikasyon an avan n ta atake nivo siperyè a). La a ankò, fò n pa kouri blame yo men blame pito lwa ak leta.

Pa gen anyen serye nou ka rive fè san suiv yon seri lwa ki tabli. Si n ta deside fè yon rechèch pou n ta tyeke konbyen anseyan nan nivo segondè ki pa gen menm papye bakaloreya , vwa yon lisans inivèsitè (katran etid siperyè) epi pou n ta rekòmande yo tounen lekòl, enben tout lekòl Ayiti (nivo primè / segondè) ta fèmen menm jou a. Men si ta rive gen yon refòm tout bon vre Ayiti, fòk yo ta pase anseyan yo an revi, kote yo ta dwe tounen lekòl kanmèm.

Ankò, pou sa fèt, nou vin abouti nan aspè legal la kote li ta dwe obligatwa avan yon anseyan anseye nan nivo segondè pou l ta gen yon lisans epi pou l ta suiv yon seri atelye pedagojik. E pou anseye nan nivo elemantè / mwayen, yon anseyan ta dwe gen papye bakaloreya l epi pou l ta suiv yon seri atelye pedagojik. Men ankò, kesyon nou ka poze se: kilès ki gen monopòl lekòl Ayiti (leta oubyen sektè prive a)? Sètadi, pou ta rive pran yon seri mezi ki ta amelyore sistèm edikasyon an Ayiti, fòk ta gen yon seri lwa pou respekte e se leta ayisyen ki gen pouvwa pou l ta akselere sa.

Pwopozisyon sa yo ta dwe soumèt a palman an pou ta vote yo an majorite. Men kesyon an ankò se: ki palman? Ki preparasyon palmantè sa yo? Èske yo reyèlman sousye de pwoblèm edikasyon an Ayiti oubyen èske yo nan yon nivo pou konprann filyè pwoblèm sa a? Se tout yon seri kesyon ki mande reflechi ak anpil estrateji ak altènatif pou yon Ayisyen ki konsyan de pwoblèm nan (kijan, pa ki mwayen li kapab pase pou l ede?).

Donk an gwo, se yon pwoblèm ki dwe konsène Ayisyen Ayiti kou nan dyaspora a. Kèk altènatif pou ta eseye rezoud nan pwoblèm konplèks sa a, se ta: òganize ou reòganize kominote yo (vil, komin) kote lidè kominotè sa yo ta dwe chita ansanm pou analize pwoblèm lekòl la nan zòn yo e kisa yo ta ka fè etan kominote. La a, nou vin tonbe nan filozofi grès kochon an kwit kochon an. Nan filozofi sa a, premyèman nou kapab gen absans leta (nan yon sans) kote se kominote a k ap repanse pou l restriktire tèt li, pou l bay tèt li sa l bezwen san leta li menm pa debloke fon pou sa.

Nan lòt volè a, nou pa ka iyore leta nonplis. Poukisa? Kèlkeswa sa k ap fèt nan kominote a, fòk otorite ki reprezante leta nan zòn nan envite, fòk prezans li la menmsi se yon figi li ta ye men o fon, li konnen li gen yon otorite kèlkonk. La a, nou vize vil sa a oubyen mèk komin nan. Fòk li la, fòk li okouran de pwojè yo e fòk yo apwoche l tou ak sajès pou l ankouraje demach fèt. E pi davan (si l posib), leta ka kontribye pase se yon fason pou aleje pwoblèm nan pou leta; donk fò l ta apresye travay devlopman k ap fèt o nivo kominotè pase li menm gen twòp chay sou zepòl li pou l ta fè tout bagay alafwa.

Nan dènye kategori a, nou wè se elèv yo. Sa fè n sonje timoun piti, ti inosan imedyatman. Kèlkeswa sa ou bay yon timoun piti, l ap mete l nan bouch li kanmèm. Alò la a, gen yon sèten paralèl ant elèv ak timoun; sètadi gwoup ki anlè nan yerachi a responsab edikasyon timoun yo.

Remake mwen pa enkli paran e kèk kritik ka di: paran ta dwe la nan kategori sa yo. Wi, paran la souzantandi men mwen vle poze bousòl mwen plis sou kategori ki ta dwe pi responsab yo. Paran toujou jwe yon wòl kapital nan edikasyon timoun Ayiti. Gen manman timoun ki vann pistach griye, ki mache ak yon zèl sapat men ki di w l ap travay di pou pitit li vin doktè e rèv yo konn rive akonpli anpil fwa. Gen papa se machann fresko ki gen menm rèv la e tandòt paran ki pa t gen chans pase lekòl, ki nan yon echèl sosyo-ekonomik dezagreyab men, ki gen yon vizyon pou pitit yo rive lwen lekòl. Donk, fò n bat bravo pou anpil paran ayisyen k panse konsa pase edikasyon se yon liks li ye Ayiti.

Youn nan bagay ki touche m anpil pa tèlman lontan, se pandan mwen t ap li otobiyografi Manno Sanon (foutbolè ayisyen trè popilè) k ap pale de manman l, sa l te fè pou ede l; se yon istwa ki fè dlo kouri nan je. Donk paran trè enpòtan nan edikasyon timoun yo, kèlkeswa klas sosyal yo ta apateni. E li enpòtan pou lekòl Ayiti ta mete anfaz sou apresyasyon paran, kote chak lè yo bay kanè pou ta gen sa yo rele Ozetazini, «open house» (reyinyon espesyal kote paran elèv la ta reponn prezan pou rankontre ak anseyan yo pou konnen sou pwogrè pitit li lekòl la).

Kijan elèv ka ede nan devlopman Ayiti?

Se youn nan gwo erè leta ayisyen te ka fè lè yo neglije aspè sa a. Pa bliye elèv se pepinyè ki reprezante fiti yon peyi nan tout sans. Se depi bonè pou n kòmanse angaje yo nan yon seri travay pou byennèt Ayiti e gen fason espesyal sa ka fèt. Li ta bon pou leta ta mete l obligatwa pou elèv bakaloreya ta pase yon ane an pwovens nan yon travay kominotè kèlkonk (egz., batisman yon lekòl leta, amenajman yon lekòl leta, batisman yon klinik leta, yon lopital leta, patisipe nan kanpay alfabetizasyon, yon pwojè kèlkonk leta ta genyen k ap fonksyone nan avantay kominote a. La a, fòk leta ta anchaj pou l responsab elèv sa yo pandan dire travay yo (sètadi ba yo yon ti kòb, responsab manje ak dòmi yo tou) epi sa ta garanti yo yon pòs nan leta lè yo aplike pou travay, men fòk tout sa ta chita sou lwa.

Donk, globalman, anpil pwen nou ka touche ki an rapò ak devlopman Ayiti e patikilyèman sektè edikasyon an nou vize, ta dwe chita sou lwa dekwa pou leta ta fè chanjman de baz ki nesesè yo (si l vin kontwole monopòl sa a) e petèt nan bon konprann nou kòm kritik, obsèvatè ou Ayisyen konsyan, nou ka panse a lòt altènatif machin lwa a anpàn oubyen lè leta demisyone. (E. W. Védrine).

FIDBAK

Dunois Erick CANTAVE: «Védrine, Mwen li avèk anpil atansyon tèks ou ekri sou kesyon 'restriktire lekòl Ayiti'. Mwen felisite w pou refleksyon sila a. Edikasyon se pilye devlopman yon peyi. Se baz keksyon devlopman peyi a ou poze la a. Mwen wè genyen anpil bèl ide nan tèks ou a, men mwen pa wè ou poze pwoblèm edikasyon an nan yon kad byen defini. Sa mwen vle di, se: ki edikasyon? pou ki peyi? ak ki devlopman?

Fòk genyen yon chwa devlopman klè pou kapab konnen ki kalite edikasyon w ap bay popilasyon an e ki estrateji w ap mete kanpe pou rive atenn objektif ou fikse yo.

Mwen ta di tou, dabò, fòk nou ta kapab klè sou yon premye chwa: alfabetizasyon oubyen eskolarizasyon? oubyen toulede? Èkse mwayen nou ap pèmèt nou fè toulede? Si se te pou mwen, mwen ta chwazi eskolarizasyon kòm priyorite pou mwen kapab seche sous k ap founi analfabèt yo.

Mwen ta di tou: ki lekòl? nan ki lang?

Mwen ta genyen tandans chwazi yon lekòl repiblikèn kote tout timoun yo ta pataje menm valè yo. Mwen ta di yon sèl lekòl pou tout moun . Anpil moun kwè se ta nan lang kreyòl pou yo ta va eskolarize ak alfabetize pèp ayisyen. Yo di ke se lang manman yo l ap pi fasil konprann sa pwofesè a ap anseye l la. Mwen pa dakò ak apwòch sila a. Nan anpil peyi kote yo pale kreyòl ak fransè ou kreyòl ak anglè, yo rive eskolarize pifò moun, si se pa tout moun, an franse ou an angle. Mwen vle pale de lòt antiy yo ki sou kote nou yo ak kèk peyi afriken. Nan peyi afriken yo menm, ou ta kapab di ke sa ta dwe pi konplike pase yo konn pale menn 20 dyalèk diferan nan menm peyi a. Yo rive kanmenm fè sa tou. Mwen ta kapab site peyi Senegal...

Pwendevi sila a, moun ta genyen tandans di li se yon pwendevi elitis, men mwen kwè se pa vre. Se yon pwendevi ke nou kapab fè lontan ap diskite. Mwen panse tou ke nou ta dwe fè yon edikasyon ki pou pèmèt nou vini pi louvri sou mond lan. Mwen pa dakò ak ankenn demagoji. Nou kapab fabrike kèk ti materyèl pedagojik an kreyòl men nou pa gen mwayen pou nou genyen aksè a tout materyèl syantifik ak teknik yo nan lang kreyòl la. Ekonomi peyi nou pakab pèmèt nou sa. Menm si nou ta mete ansanm tout ekonomi peyi ki pale kreyòl yo, nou pa ta kapab atenn objektif sa a. Deja an Ayiti nou yon ti jan izole ak lang fransè a paske tout alantou nou se panyòl ak anglè yo pale. Men sa pa fè anyen, n a pale yo tou. Men kabrit la di ou sa k nan vant ou se li ki pa ou : annou kòmanse pa lang istwa nou kite pou nou e ki kapab ban nou plis ouvèti sou lemond.

Kesyon sila a ta kapab mennen nou nan lòt ankò. Pa ekzanp kesyon pwofesè yo. Fòk nou di san demagoji, nou pa genyen vre pwofesè an Ayiti ankò. Fòk nou ta fòme anpil lòt pandan nou ta fè vini pwofesè nan tout peyi ki pale fransè yo tankou, Guadloup, Matinik, Giyàn, Frans, Kanada, Senegal elt... Pa gen manti nan sa. Pa kapab genyen demagoji nan kesyon fondamantal sila a. Kanada te fè sa, anpil peyi afriken te fè sa. Nou menm ayisyen nou te ede yo anpil nan sa.

Mwen p ap kontinye deba a jodi a. Mwen kwè mwen di anpil bagay deja men mwen pa pretann di tout bagay. Mwen kwè mwen di bagay ki kapab choke moun e ki kapab soulve anpil diskisyon. Mwen prefere tann kèk reyaksyon anvan mwen kontinye deba a.

Mwen pa yon anseyan, men mwen konnen ke kesyon sa a se kesyon fondamantal la. Si nou pran li mal, nou p ap rive ankenn kote»]

E. W. Védrine, 1999)

 

 
logo