Ki fiti jenès la Ayiti ?

Emmanuel W. Védrine
 

Jenes

Kesyon sa a se youn nan bwalong jenès la ka bay leta ayisyen kenbe. Kèlkeswa leta yon peyi, depi l pa montre l sousye de jenès peyi sa a konnen l pa sousye de fiti peyi sa a nonplis paske se jenès ki fiti yon peyi, se li k pepinyè demen. Si n ta pran tan fè yon ti rechèch sou kesyon jènès la e sa yo ta renmen, enben nan ankèt sa a nou ta wè 100% ta reponn: PATI. Alò lè ou gade repons sa a, petèt ou ta di: «A! jèn yo pa renmen peyi yo». Se pa vre ditou! Yo renmen Ayiti men poko gen gouvèlman ayisyen ki montre yo renmen yo paske vrè amou pa mache san sakrifis.

Youn nan mo santral nou ka vize nan diskisyon sa a, se: ANKADREMAN. Se yon mo n tande deja e nan kontèks ‘ankadreman', nou ka foure tout sa k pozitif ladan pou jèn yo:

  1. Bonjan lekòl leta gratis pou yo, ki byen ekipe ak ti bibliyotèk pou yo fè rechèch, pou elaji konesans yo, mete pwogram nan lekòl sa yo (plizyè tip si n ap gade lekòl gran peyi yo), òganize joune pou yo dekwa pou yo vwayaje al gade lòt kote nan peyi a (pou yo ta vin konsyan de REYALITE AYISYÈN NAN), mete pwogram espòtif ladan yo.
     
  2. Mwen mansyone deja ke tout timoun Ayiti ta dwe anrejistre nan yon lekòl kèlkonk sot nan laj senkan rive nan laj disetan (re: 16 PWEN POU EDE AYITI BOUJE).
     
  3. Byenke mwen mansyone ESPÒ nan #1, men nou ka al pi lwen toujou pou n ankouraje e devlope l Ayiti pou jèn yo ta patisipe nan tounwa entènasyonal kote menm yo ta ka fè yon karyè nan domèn sa a. Nou gen espò kouwè foutbòl, baskètbòl, volebòl ki te ka devlope nan tout peyi a. Men kesyon n ka poze se: èske gen reyèlman yon Ministè Jenès / Espò k ap panse a tout sa?
     
  4. Jèn ayisyen trè KREYATIF / ENTELIJAN men podyab, se yon seri sèvo k ap gaspiye. Nou te ka menm panse a yon MIZE pou ta espoze travay kreyatif / atistik yo, kreye PRI pou yo dekwa pou motive lòt jèn. Leta panse a sa?
     
  5. Poukisa pa gen yon Asosyasyon Jèn Ayisyen (Ayiti mele ak dyaspora a)? La a, imedyatman, nou antre nan ÒGANIZASYON. Sèdike la a, nou ka panse a ÒGANIZE oubyen REÒGANIZE yo (si gen kèk òganizasyon jèn ki ekziste deja). Si sa ta rive fèt (kote ta gen de bon òganizasyon jèn: youn Ayiti, youn nan dyaspora a) epi pou Ayisyen ta eseye sipote yo (finansyèman, moralman), kreye admosfè pou yo ta rankontre omwen chak ane nan konferans (pou yo ta pale de sitiyasyon yo, sa yo ta renmen, kote yo ta vle rive, sa yo ta renmen fè pou Ayiti, sa yo ta renmen wè Ayiti...), se ta youn nan gran pa vè lavan.
     
  6. O nivo entènasyonal, JÈN AYITI DÈYÈ NÈT pase yo pa gen aksè menm pou ta vwayaje Sendomeng ki pi pre yo pou al wè sa k gen la. Donk, yo izole totalman ak lesteryè. Pou ta rive fè yo kòmanse fonksyone o nivo entènasyonal, dabò fòk gouvèlman ayisyen ta kòmanse pran pwoblèm sa a an konsiderasyon: gade ki sa k genyen pou jèn yo nan peyi devlope yo, Pwogram Echanj Entènasyonal epi kòmanse mete yon seri ENFRASTRIKTI sou pye pou ede yo.
     
  7. Donk, globalman, pa gen anyen serye ki ka fèt si LETA vag sou yo. Se youn nan gwo pwoblèm Ayiti ta sipoze souliye nan kaye l pou l kòmanse solisyone. Men anfen! Kilè reyèlman va gen gouvèlman ki sousye de yo e ki va ba yo plas yo merite nan sosyete a?

(E. W. Védrine)


 

What's the future of the Haitian youth in Haiti?

Emmanuel W. Védrine

This question is one a the challenges of the youth to the Haitian government. Whatever the government of any country, if that government does not care about the youth of  that country, one can guess that they do not care about the future of that country either because it's the youth of a country who is its future; it's the youth who is tomorrow's nursery. If we were to take time to make a little research on the youth issue and what they would like, well in this survey one would find that 100% would answer: LEAVE THE COUNTRY. Then when looking at this answer, maybe one'd say: “Hey! The youth don't like their country”. That's not true at all! Then when looking at this answer, maybe one would say: “Hey! The youth don't like their country”. That's not true at all! They love Haiti but there's not yet a Haitian government to show that they love them because true love does not work without sacrifice.

One of the central words that we are going to focus in this discussion is SUPPORT. It's a word that we hear and in the “support” context, we can put all that is positive in it for the youth:

  1. Good free schools for them, well-equipped ones with libraries to do research, to broader their knowledge, put program in these schools (many types – if we are looking at schools of the developing countries), organize fieldtrips for them so that they can travel to visit other parts of the country (so that they become conscious of the HAITIAN REALITY), including sport programs in them.
     
  2. I have already mentioned that children in Haiti should have registered in a school somehow (from the age of five to seventeenth (re: 16 PWEN POU EDE AYITI BOUJE).
     
  3. Though I have mentioned SPORTS in #1, but we can go further to encourage and develop it in Haiti for the youth to participate in international tournament where they can even make a career of it in this area. We have sports like soccer, basketball, volleyball that could be developed in the whole country. But the question we can ask is: Is there really a “Youth & Sport Ministry” to think of all these?
     
  4. Young Haitians are very CREATIVE / INTELLIGENT but too bad, a series of brains that are being wasted. We could even think of a MUSEUM to exhibit their creative and artistic works, create PRIZES so that to motivate other youth. Does the Haitian government think of that?
     
  5. Why there is not an Association of Haitian Youth (in Haiti, including the Diaspora)? Here, immediately, we touch on ORGANIZATION. That is, we can think of ORGANIZING or REORGANIZING them (if there is some youth organization that already exist). If that you'd take place (where there would be some good organizations for young people: one in Haiti, one in the Diaspora) and then for Haitians to try to support them (financially, morally), create some atmosphere for them to meet at least once a year in conference (in order to talk about their situation, what they'd like, where they would like to get, what they would like to do for Haiti, what they would like to see in Haiti…), that would be a one of the great steps toward moving forward.
     
  6. At the international level, THE YOUTH IN HAITI ARE REALLY BEHIND because they don't have access to even travel to the Dominican Republic that is the closest to them to go and see what's there. So, they are completely isolated from the outside world. To succeed in making them functioning at the international level, first the Haitian government would have to start taking this into consideration: look at what exists for the youth in the developing countries, International Exchange Programs and then start putting a series of INFRASTRUCTURES at work in order to help them.
     
  7. So, Globally, there's nothing serious that can be done if the GOVERNMENT close their eyes on them. It's one of the big problems that Haiti should have underlined in its notebook - to start solving. But alas! When will there be really a government who cares about them and who will give them the spot that they deserve in society?

(E. W. Védrine)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com