Ayiti

Gen espwa toujou : Lavalas 3, Konvèjans 0

Emmanuel W. Védrine

ivè 2000
 

Lavalas pran Koup Rezistans lan pou Ayiti nan «final 7 Fevriye 2001» an ki te fèt nan Estad Palè Nasyonal (sou Chandmas). Aristid, kapitèn ekip la, bay de gòl; Preval bay youn (nan dezyèm mitan). Pèp la klase yo kòm meyè jwè ekip Lavalas la. Jwè ekip Lavalas la te gen inifòm ble e wou; jwè ekip Konvèjans lan te an nwa .

An repons a: Gen espwa toujou: Lavalas 3, Konvèjans 0

«Mwen kab konprann Aristid fè gòl sou opozisyon an. Men mwen pa konprann ditou sa Preval vin fè nan match sa a. Mwen te kwè misye pa t pou pèsonn. Sa ta vle bay rezon ak moun ki ta vle fè kwè ansyen gouvèlman an mete ansanm ak nouvo a pou youn pase mayèt la bay lòt. Ou pa dakò avèk mwen ?

Mwen rekonèt opozisyon an Ayiti - si egziste youn - fè anpil erè. Anpil fwa, enterè pèsonèl mele twòp ak enterè peyi a. Sa bay latwoublay. Men, an jeneral, sanble anpil moun nan pèp la pa dakò pou genyen moun ki wè bagay yo nan yon lòt fason. Pa m pi bon, pa lèzòt se fatra , se sa ki alamòd. E se politik sa a rejim Divalye a sanble t ap mete sou pye. Se sa ki eksplike pa t ka gen opozisyon sou Divalye. Mwen pa ta swete nou tounen nan menm bagay sa yo ankò. Nou lite twòp pou nou te sòti anba grip Divalye yo pou nou ta retounen nan menm bagay yo swa sou yon lòt fòm osnon - an lang anglè a t ap di li: Under New Management.

Mwen menm, mwen enterese nan pwogrè pèp la ap fè, an jeneral, swa sou zafè politik, ekonomik ou sosyal. Youn pa kab mache san lòt la. Nou pa p janm kab di nou fè pwogrè sou zafè politik tout tan nou pa kab rekonèt lòt moun nan gen dwa genyen yon lidè diferan ak pa m. Nou bezwen yon modus operandi ki se manman lwa peyi a. Si nou pa respekte li, ebyen, nou chire. Si gen bagay ladann nou pa remenm osnon ki pa nan avantaj peyi a, nou gen zouti nan men nou pou nou chanje sa ki pa bon an. Avan nou chanje nenpòt bagay ladan li, nou dwe respekte li jan li ye koulye a. Mèsi pou ti lòsyè sa nou ban mwen an. Kenbe la.» (Evans Bontemps, 16 fev. 2001)

Bon, avan n kouri jije yon moun, ann chache konnen dabò kilès moun sa a ye e ki travay li fè deja. M pa ta kouri konsa konsa pou m di: m dakò / m pa dakò nan kèk koze. Pa bliye Ayiti sou chemen «demokrasi» kounyeya. Pou yon moun pran pouvwa a, fò l pase pa eleksyon. «Lame Defen» pa la ankò pou l mete / wete moun, donk yon chemen kout ki bouche pou ta fè wout chankre; sètadi la a, se «pèp la» ki (dapre mach yon sitwayen, travay li nan sosyete a) ka lage yon bilten pou li. M kwè sa klè jodiya e pèp la ap pran nòt de tout bagay: kilès ki ak li / ki pa ak li, kilès ki sousye de li (pa nan bouch men nan aksyon), moun ki pale «langaj li» (la a, pa jis wè kreyòl men moun ki konprann doulè l ak bezwen l e k ap revandike pou li.)

Nan yon sistèm demokratik, li nòmal pou gen «opozisyon». Nou wè sa Etazini e nan kèk lòt peyi avanse men, yon «opozisyon» ki ale an favè peyi sa yo (pou byennèt yo), pa an favè yon gwoup endividi ki swaf jis pouvwa pou al banboche. Men lè n jete yon koudèy jodiya lakay, kesyon n ka poze, se: èske opozisyon sa a se youn ki kontriktrif ou destriktif? Kisa mesye sa yo fè nan sosyete a deja de pozitif? M ta renmen Evans Bontemps kòmante sou sa ak kèk bonjan ekzanp konkrè.

Jodiya, si yon moun pa ta enterese nan «pwogrè pou Ayiti» enben konnen l pa renmen Ayiti, li pa ta yon «vrè Ayisyen» nonplis. E mwen kwè moun ka pale jan yo vle Ayiti: pa gen okenn remotkontwòl k ap kontwole vàn lapawòl. Nou sou yon rèy demokratik e li dwe kontinye konsa.

Sous: Fowòm REKA

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com