Ayiti
 

«DYASPORA LANG POUDRE»

Charlot LUCIEN

(CD: TI CYPRIEN, DOKTÈ YA BEZWEN)

 

Yon lè m ap pase ak zanmi m Barzòl nan Ayewopò Mayami, kote m te pral fè w kout pye Ayiti paske m pa t rive al wè peyi m depi dezan. Nou kanpe pandan w dezèdtan, nou gen pou n gaspiye annatandan n al pran lòt vòl la pou rive Pòtoprens. Alò m gon w ti jounal nan men mwen epi Barzòl li menm, je misye toupatou l ap obsève. Alò kounyeyan pou moun ki pa konn zanmi m Barzòl, m te deja esplike ke son w nonm ki gen w repitasyon, se chita pou pa chita mal pou l pa gade anba w; sa vle di: son w nonm li toujou ap veye afè moun e kòm li toujou di ke sèl defo l: li pa fouti kontwole bouch li; donk an(n) Ayiti, Barzòl son w nonm akoz lang li, li mache avèk tout testaman l nan pòch vès li epi sèkèy li anba bra li pou sizoka. Enben, se konsa mwen menm ak Barzòl, pandan n lòt bò a nou tande kòmkidire yon òkès mal akòde k ap frape. Nou vire. Tout espektatè la: fanm kou gason, Ayisyen kou etranje. Je nou fin pich pich tankou frize k fin wè twòp limyè pou n wè byen sa k ap pase. Ebyen, sa k te genyen, se 2 touris: yon fanm, yon gason k ap avanse. Musye l gen yon bòt kòbòy nan pye li, yon chapo feut nan tèt li, de bagay ki soti dwat nan peyi Texas. Musye l gen yon sentiwon bouk e tèt èg k ap soutni pans li. Donk lè w wè pans nonm sa a, misye son w nonm ki manje anpil chicken, li manje poul chak jou. Fanm nan, li gra tankou w moun ou ta di ki pran grenn agase matlòt. Alò son w grenn yo te konn bay bèt an(n) Ayiti pandan nan epòk anbago pou yo pa twò mèg. E lò w gade l gen on pantaloon plastik sou li, on pantalon jonn abriko epi l ap balanse tankou w kanna sou 2 talon kikit ki tèlman wo, ou ta di se La Tour Effel a Pari oubyen kèk de pilòn Pelig yo te mete tèt anba anba pye fanm sa a. Cheve l rive sou do l men l gen w ti koulè jonn, on ti koulè blon. Po fanm nan gon w ti koulè klè, on ti koulè myèl men lò w te gade byen alò se Barzòl ki fè m wè sa wi. Lò w gade byen ou wè anba cheve li gon w seri ti koulè nwa debenn kòmsi m ta di w se tankou yon tablo plizyè koulè yon atis poko fini. Lè dam sa a pase devan nou, Barzòl pouse w sifle, li di: wifout! Sa l ye, dam sa a l ap trennen dèyè l yon chaj dèrryè. Alò sa Wosval Duran te rele un boumba chargé de vitaille (?) nan Choukoun. M wè Barzòl k ap vire tèt li goch dwat, goch dwat. M di: men Barzòl, pitit reprann ou, w a gen vèrtij. Pendant ce temps mesyedam yo y ap mache epi dam nan ap di:

«Wat èvè…you know…Those people in this country. I don’t care…».

M di Barzòl: houn! Touris sa yo, n antrave lè yo rive nan peyi a. E e, sa w panse Barzòl: se dwe 2 aktè? Barzòl lè sa a, msye sekwe tèt li tankou yon nonm ki pantan nan dòmi epi misye di m:

«Kòryolan, ou konn sa k pase? Sa se rans! Konpatriyòt».

M di: e e, sa yo rele konpatriyòt la? Msye di m:

«Sa yo k ap pase la a, m di sa a se rans. Lamayòt sa a, lasirèn sa a se konpatriyòt yo ye».

M di Barzòl, suspann di rans, sou w wè moun yo, ou wè jan y abiye, ou wè kalite angle y ap pale a, sispann betize non. Barzòl fè tankou yon chen ki pran sant yon vyann. Msye foun! foun! a a! a! Msye di mwen:

«Monchèr, m di w moun sa yo se moun pa nou. M konn afè m. Il y quelque chose --- qui fait que je reconnais les miennes. Moun sa yo se 2 dyaspora krizokal ki poudre lang yo ak yon move kouch angle e ki panse ke yo gen grinbak pou y al pete moun. O, ho, moun an(n) Ayiti, yo gade ti Tele Ayiti yo chak jou e yo konn grinbak. M di w: kite m montre w yon bagay Kòryolan».

Alò Barzòl jan m di an, misye son w anjandre. Misye pa konn wont ki fè lè misye l ap vanse pou l al pwoche sou moun yo, m fap! M jete kòm dèyè w poto. Msye, li pwoche kot moun yo, -- li pwoche kot medam yo, yon bèl souri nan bouch li epi l di:

«Mesyedam, eskize m wi, a ki lè avyon an ap pati la a?».

Mouche kòbòy la gade Barzòl, li di misye:

«E e, sòri sè!».

Barzòl grate gòj li, li di m de lwen gen lè moun sa yo se Afriken yo ye Kòryolan. Yo gen lè pa pale kreyòl. Msye pwenti bouch li, li di:

«Eh eh, bonsoir messieurs, bonsoir madame. Je voudrais vous demander…» …

«Sòri sè, dou you spik inglich?».

Houn! Podyab Barzòl, m wè lalwèt misye k ap monte desann, l ap rale wont li. Msye tounen kote m li di:

«Ayayaj, m pa konprann anyen non; m ta sèmante sou kavo grann mwen ke 2 moun sa yo se natifnatal yo ye. Kouman m fè fè erè konsa a?».

M di: enben papa, laj koumanse ap antre. Ou tèlman enkredil, se sa k pou rive ou. Monchè, rann mwen on ti sèvis: pa al anmède moun yo ankò. Alò bagay yo fin pase, yon lòt ti moman yo rele pasaje pou yo monte abò, alò moun nan liy, y ap tann pou montre paspò yo avan yo rantre nan avyon an. Nou vin retwouve nou nan liy avèk menm touris sa yo pi devan epi fanm talon Pelig la, l ap on sèl oh, my God, but where is Junior? L ap mande kote Junior. Barzòl ap gade moun yo. Musye move tankou w jwè pokè ki pa asepte l pèdi. Alò moun yo devan yo, rive kounyeya bò w ti blan ki gen lè te gen w foli pratike fransè l. Li lonje yon bèl souri bay moun yo epi li di:

«Ah, ah excusez-moi messieurs et madame, vous êtes de Haiti?»

Houn! Mesyedam yo, yo vire gade dèyè kòmsi m ta di w ti blan an se ak on lòt moun l ap pale. Ti blan an gen lè on ti jan pèsistan. Msye di:

«Ah, peut-être, elle est de Martinique».

Fanm nan, li vire gade lòt touris la epi l gade ti blan an, li di ti blan an:

«Sòri sè, don’t anndèstenn… no Haitian… citizen».

Donk yo pa Ayisyen, se sitizenn, se sitwayen ameriken yo ye. Ti blan an di:

«I am sorry, passport please!».

Donk, ti blan an l oblije tounen nan anglè li puiske moun yo pa Ayisyen. Alò se pandan bagay sa a ap pase gon w lòbèy ki pete non w pòt bò w twalèt. Gon w ti granmoun ki ouvè pòt la l ap batay ak yon tibonòm setan. L ap mande sekou epi ti bandi a menm li refize granmoun nan siye li; se manman l li vle ki pou siye li epi l ap menase, l ap rele nay wann wann (911); alò, ti non jwèt lapolis. Ti granmoun nan l pa pale anglè. Sa l tande, li menm son w ti bway k ap rele AGANMAN. Alò l pwoche bò moun yo: «Alò m di Serèt m di ti baka w la konsa, --- mwen menm m bezwen konn ki moun l ap rele aganman an paske mwen menm m ka plimen po do y. Pendant ce temps ti baka a li menm li kanpe, pantalon nan men li, li gon w sèl kriye:

«I am gonna call 911, I am gonna call 911, I am gonna call 911».

Alò se sa ti granmoun nan di l ap trete l de aganman. Alò mezanmi, se jodi Serèt plonje sou ti granmoun nan, l ap di:

«Wou ou, wou matant, matant men sò w bezwen pale fò konsa? W a fè y arete ou. Epi Junyò ou menm, fout antre nan bathroom nan, get inside, get inside».

Se lè sa a Barzòl li kouri pwoche, li pouse w souri bay dam nan, li di:

«A matmwazèl Serèt, timoun nan l merite netwaye nan bathroom nan. Ou wè grann pa kapab, al ede li non Serèt».

Alò lè sa a, nonm kòbòy la, li fè w mouvman kòmsi pou l foure men l bò ren li; ou wè son w bagay moun abitye fè lontan men li pa jwenn sa l ap chèche an paske l pa nan peyi l. Alò, antretan fanm nan li menm, li gade Barzòl, li ranmase misye ak yon sèl twaze, li sèvi misye yon degi kuipe epi l di kòbòy lan:

«Non, kite san an men m, kite m koresponn avè l Ti Jo. Gade lè nen frèt la non. Yo fout sou moun konsa!».
Epi sa w tande a l vire sou Barzòl, li di:

«Wi, se mwen moun ki rele Serèt la mouche. Mwen kwè w gen lontan w ap anmèdde moun la a. Ou konn sa k pase, m pral anndan an nan bathroom nan, m pral klin timoun nan; lè m tounen la a, m ap fè ou menm sa timoun nan sot fè anndan an epi lè m fini m ap kòl sekiriti pou ou, m ap di w ap arase m apre sa».

Mezanmi, sa w tande a, m kouri rale manch chemiz Barzòl, m plonje, m kouri a misye, m ale. Alò jou sa a, m rate vòl la vre wi men sa te vo lapèn paske mezanmi se depi lè sa a m vin fè atansyon lè m ap vwayaje m pral vizite peyi m; m toujou fè w jan lè m sot nan peyi blan an pou m rete on ti jan naturèl. Son w jan pou lò m rive lòt bò a pou okenn manzè Mata pa vin mande mwen kijan po m fè jòn konsa paske m al Nouyòk. Se tou pou okenn ti bway nan lari Pòoprens pa rele m dyaspora, m pa pè w; se moun ou ye lè yo wè m rantre nan peyi m ap peweze. Alò se te avèk nou mezanmi Charlot Lucien ki te pote ti lodyans sa a pou nou: DYASPORA LANG POUDRE.

(fen)

Transkripsyon: Emmanuel W. Védrine (jen 2004)