Publications
 

An repons a yon deba ki rele

Divalye, Aristid: menm kout baton 1

 
Emmanuel W. VEDRINE
 
Amber Munger
Palais national au Champs de Mars. Photo Amber Munger © 2001. Source.

Divalye, Aristid, sa se tan pase. Imajine w ta ap kondi sou yon haywe epi w pran nan yon blokis; kisa w ta fè? Mwen kwè patisipan fowòm sa a en tel li jan ase pou reponn kesyon sa a, e menm yon timoun setan ki gentan atenn laj pou rezone ta ban m repons LOJIK la.

Kisa nou, konpatriyòt ayisyen, ka fè KOUNYEYA pou sove chètout nou an, Ayiti? Kisa nou ka fè ansanm pou rejwenn pèl sa a ki pèdi a? Mwen kwè li enpòtan pou «kandida onèt e konpetan yo» (si sa egziste vrèmanvre Ayiti ou nan dyaspora a) pou eseye fè kèk bagay pozitif pou ede Ayiti, eseye fè kèk bagay POZITIF (m ta di) nan sosyete nou an anvan menm y al nan eleksyon. Yon moun pa bezwen yon ELI pou met men nan pat la (sa, se pwoblèm nou – fò nou nan yon pòs politik pou esaye chanje bagay yo). Pouf!. Ayisyen (an majorite) ban m enpresyon y ap fè politik kòmsi se te yon sòt komès pou vin rich trapde ( just pure business , jan yo di l nan lang angle), men yo pa gen okenn vizyon alontèm pou devlopeman peyi a oubyen wè kòman yo kapab ede nan rekonstwi yon sosyete pou demen.

Nou gen ase pwoblèm nan tout sektè yo an(n) Ayiti. Ann panse pito a sa nou kapab fè menm AKOUTÈM, pa egzanp: al bay kèk seminè an(n) Ayiti pou yon semèn/yon mwa ou plis nan domèn nou; ann panse a problèm moun iletre – kisa n ka fè ansanm pou eradike maladi sa a?; kriz jenès nou an ap travèse [pa gen anyen pou yo, men kòman yo pral fyè demen kòm Ayisyen lè majorite nan yo vle kite peyi a?]; ann panse a pwoblèm peyizan nou yo ki pa ka jwenn yon moso tè pou travay e si yo ta gen yon moso, yo konfwonte pwoblèm irigasyon tandiske gen dlo tout kote Ayiti, tandiske nou gen twòp enjenyè pou konstwi baraj. Problèm nou yo anpil si n drese yon lis, men ann panse a sa nou kapab fè ansanm pou manman chètout sa a, AYITI CHERI.

Pa gen pwoblèm si yon moun vle fè politik kòm karyè l, men panse pou fè BON POLITIK. Mwen, sa pa enterese m (politik) kòm karyè; mwen se yon anseyan, ekriven & bouskadò (chèrchè) e mwen santi m byen nan domèn mwen ye a depi plis pase 15 lane. Fò yon moun wè avni peyi a e mwen panse ke chak Ayisyen dwe panse a sa l ka fè pou Ayiti. Fòk chak moun vin ak yon bagay nan rekonstriksyon sa a. DYASPORA ayisyen an sèlman gen ase pouvwa pou ede Ayiti bouje ou menm chanje Ayiti (si vrèmanvre li vle travay sou sa epi mete yon seri estrikti anplas pou fè rèv sa a vin yon reyalite - si bèf te konn fòs li ...).

Donk ann panse a sa nou ka fè ANSANM epi eseye mete de kote (omwen pou yon ti tan) diferans politik nou lè se EDE AYITI.  Tan nou trèzenpòtan e fò n itilize l byen .

KÒMANTÈ:

Védrine monchè, mwen toutafè dakò ak ou ke nou pa bezwen ret tann se eli pou n eli nan yon pòs pou sèvi peyi a. Nou dwe fè sa n kapab e pafwa, lefèt ou ka pa eli pou yon pòs ofisyèl, sa pèmèt pou fè plis toujou pou peyi w. Selon kalifikasyon nou e talan nou, nou kapab sètènman kontribye, otan sa posib pou amelyore bagay yo. Donk kòm ou sijere, li lè li tan pou n sispann plenyen epi jwenn kèk solisyon «pou ede chètout nou, Ayit! i». Sepandan,  byenke kèk bagay ta o pase, nou pa ka iyore yo Védrine; sa ka fè n fè menm erè yo. Donk nou dwe, okontrè, byen analize sa k pase deja epi aprann de yo leson nesesè pou garanti vrè konstriksyon yon lavni sou wout pwogrè ak diyite moun. E dayè sa w wè ki pase, ann pa kite l kontinye domine n ankò jodiya, puiske se sa ki fè n soufri ankò. Nou pa panse iyore yo nèt ale. Pakont, si kèk moun onèt e sensè gen tout kalifikasyon pou sèvi nan kèk kapasite ofisyèl, poukisa yo pa ta ka ranplase yon seri visye e enkonpetan? Kandida onèt e konpetan yo, si yo jwenn opòtinite, y ap fè enstitisyon nou yo mache kòmsadwa epi bagay yo ta mache pi byen lakay nou; èske se pa sa? M salye w patriyotikman. (Jean Hervé Paul)

1 Referan: fowòm Haitianpolitics ( Haitianpolitics@yahoogroups.com ). Avril 2004. Moderatè: Dtè. Jean T. Voltaire.