Ayiti
YON CHEN MALVEYAN
 

Vwala se te yon chen ki vòlè yon kwi lèt. Bouch kwi a pa t tèlman laj, li fòse tèt li antre ladan epi l tonbe kouri avè l tout kote. Gen yon nèg ki t ap pase ak yon baton nan men l, li wè mizè chen an k ap wouke. Kè l fè l mal, li bay kalbas la yon kout baton epi l kraze. Chen an vin wè kounyeya. Li remake se msye ki ba l yon kou nan tèt. Li pa fè ni de ni twa, li vole sou nèg epi l rache ti pati l ak yon sèl kout dan.

Moun ki t ap pase nan chemen an wè soufrans malere a ki blayi atè a nan san ap rele anmwe, yo prese fè yon branka pou leve l. Yo pot msye ladan l pou al pran premye swen nan yon dispansè nan bouk la, annatandan yo mennen l lopital.

Chen an pa doktè men l chatre msye. Pwovèb la di: «yo pa janm chatre chen de fwa». Fwa sa a se yon chen ki chatre moun. Fini viktim nan fin pran ti swen nan dispansè a, moun ki te mennen l yo fwete yon kamyonèt sou wout la pou mennen l lopital yon lòt kote. Rive yo rive ak li lopital, doktè gentan rale bistouri pou opere l. Yo chatre malere ankò. Podyab! Inosan peye pou koupab.

(© 1999, Emmanuel W. Védrine)

boule

A NAUGHTY DOG

Once upon a time, there was a dog who stole a KWI of milk. The KWI's mouth was not quite large; he forced his head in it and stars running around with everywhere. A man was passing by with a stick in hand, he saw the misery the dog was going through, WOUKE. He has pity for the dog; he hit the KWI with the stick and crash it. The dog was able to see how. He notices that it's the guy who hits him in the head. He just jumps on the man and gets rid of testicules with one bite.

People who were passing by on the road saw the poor man's suffering, lying in his blood on the ground, crying for help; they rushed making a  “branka” to pick him up. They carried him in it to get first aid in nearby clinic, while waiting to bring him to the hospital.

The dog is not a doctor but he castrated him. The saying says: “they never castrates a dog twice”. But this time, it's a dog that castrates a man. Upon the victim finished receiving primary care at the clinic, the people who brought him in chartered a tap-tap on the road to bring him hospital in another area. Upon arriving with him at the hospital, the doctors just pulled their “bistouri” to operate on him. The castrate the poor man a second time. Quite sad! Innocent people paid for those who are guilty.

(© 1999, Emmanuel W. Védrine)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com