AYITI

«Kole zèpòl ak zèpòl pou lang kreyòl jwenn
vrè plas li nan sosyete a»

Sandra Piverger,
oktòb 2005

Stephen Edgar
© 2004 Stephen Edgar

Nan Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, nou ta renmen fè yon ti rale sou fason divès moun anndan sosyete n ap viv la konsidere lang kreyòl la. Jounen jodiya, anpil jefò ap fèt pou bay lang kreyòl diyite ak respè l merite. Nou menm wè yo anseye li nan lekòl, nan inivèsite (nan peyi tankou Etazini ak lòt kote), yon bagay ki pral ede peyi a anpil paske pale yon lang epi pou pa ka ekri l se yon gwo pwoblèm.

Anpil Ayisyen ki gen konesans, ki konn li ak ekri pa ta konsidere lang kreyòl la pou sa li ye oubyen pou ta ba l valè l merite. Yo pito vle fè kwè «kreyòl se yon dyalèk» (lè yo pa ka menm bay vrè definisyon yon dyalèk an tèm lengwistik), oubyen w tande yo di: «kreyòl se defòmasyon lang fransè». Nou ka di moun sa yo boure ak prejije (fo lide) paske yon lang se yon mwayen pou kominike, e youn tou pou defann lide. Men, èske nou ka toujou rete ap tande pawòl sa yo san nou pa di yon mo?

Pou kòmanse, fòk nou defini sa yon «lang» ye. Kilè nou ka di fason yon gwoup moun kominike, pale, se yon lang? Si nou ale nan diksyonè, n ap wè yon lang se yon pakèt mo ak son ki makònen ansanm (ki vin bay plizyè siyifikasyon) kote moun k ap viv nan yon soysete itilize yo pou fasilite kominikasyon antre yo (swa atravè pale, ekri pou fè lide yo pase). Nou ka di depi moun k ap viv nan kominote sa a konprann sa youn lòt di, nou ta ka deja kòmanse rele mwayen sa yo itilize a, yon lang.

Daprè gwo etid ki fèt, nou wè gen lang ki vivan (sa moun ap pale), konsa tou, gen lang ki mouri. Pa egzanp «laten» se yon lang mouri paske pa gen moun ki pale l ankò byenke (tras) itilizasyon l, nan sèten ka, enpòtan pou yon seri referans (tèlke nan syans, koze legal, elt.). Gen lang ki manman lòt lang. Nan ka sa a, nou ka konsidere «laten» tankou yon manman lang (nan gwo branch «endo ewopeyen an») paske gen anpil lòt lang romàn (kouwè: espayòl, fransè, gayeyo, italyen, katalan, provansal, roumanyen) ki pran rasin yo ladan. Daprè sa nou fin wè la a, nou ka di kreyòl se yon lang vivan paske li pale nan yon peyi kote moun sèvi avèk li pou kominike toulejou epi fè sa yo bezwen ladan. Koze sentaks (chapant lang nan) ak semantik (sans mo yo), mòfoloji (fòmasyon mo yo), nou kite sa pou mesye lengwis yo ki dwe mete yo ansanm pou konble vid ki merite konble nan lang kreyòl la.

Daprè anpil rechèch ki fèt, lang kreyòl la ta gen estrikti kèk lang ki sòti nan zòn lwès kontinan Afriken an. Pou n pi klè, n ap di lang «ewe» ak «fon» (nan epòk disetyèm syèk). Afriken, sa yo kolon blan te trennen vin lage Sendomeng, pa t gen lòt bagay pou fè ke chache konprann youn lòt epi vòlè mo anba bouch kolon blan, yon kole pyese ki bay nesans a yon tip «pidjin» epi ki evolye nan yon lang oubyen yon kominezon ki vin bay lang kreyòl la (daprè sa Michel Degraff ekri nan rechèch li fè sou lang la1. Ernst Mirville (M.D), nan yon dokiman li ekri ki rele «Le créole peut-il être clair?» (èske kreyòl la ka klè?2, montre nan travay sa a ke kreyòl se yon lang tankou tout lòt paske avèk lang sa a, ou ka fè sòti tout lide w genyen nan zafè lasyans, moral ak relijyon. Yon lide anpil moun pa pataje menm lè yo sèvi ak lang lan pou eksprime tout doulè, kontantman, kominike ak lòt bagay, bay blag, rakonte istwa, elatriye.

Nan Jounen Entènasyonal Kreyòl, nou vle voye yon gwo kout chapo bay tout moun ki kontinye ap fè rechèch sou lang sa a. Nou pa ka bliye Paul Dejean, ki depi nan lane 1963, t ap goumen pou redwi kantite moun ki pa konn li ak ekri anndan peyi a. Yves Dejean, nan lane 1977, parèt ak liv sou kòman yo dwe ekri kreyòl. Anpil jefò te fèt pou rive bay lang kreyòl la yon òtograf ofisyèl (1979) pou tout moun k ap sèvi ak li suiv. Nou pa bliye Emmanuel W. Védrine, ekriven ayisyen, nan lite l ap lite (depi ane 80 yo) pou bay lang kreyòl la vrè plas li merite nan sosyete a. Sepandan, nou rekonèt gen anpil travay ankò ki rete pou fèt e jwèt la nan men lengwis, sosyolengwis yo, ansanm ak tout moun ki vle pote kole nan gwo konbit sa a pou avansman lang kreyòl la. Nou fini pa konprann Pèp Aysisyen, ki toujou ap bay leson, dwe ankouraje travay k ap fèt nan domèn lan pou ka rive fè lang kreyòl la jwenn vrè plas li nan sosyete ayisyèn lan ak nan lemonn. Se yon bagay ki va sèvi yon byen, yon modèl pou lòt pèp k ap pale menm lang sa a (ak varyasyon lokal), nan lòt kilti. Koze lòt fason oubyen aksan pa ta dwe gen anpil enpòtans paske anglè ki pale Ozetazini gen anpil diferans pou sa ki pale nan peyi Angletè. Menm bagay la pou lang fransè. Lè pou fè diferans lan, yo oblije mande èske se fransè Kanada oubyen Lafrans, etsetera.

Tout rale sa yo se pou montre kòman nou menm Ayisyen nou ka sèvi ak sa nou genyen pou fè peyi nou vanse. Majorite etid ki fèt sou lang kreyòl la, pifò ladan yo se etranje ki reyalize yo. Pandan Ayisyen rete lwen ap fè prejije pou lang lan, lòt nasyon ap fè rechèch e ap viv de lang nan, ekri liv ak mete sou pye sant dokimantè, elatriye.

San nou pa ale pi lwen, nou jwenn liv ki ekri pou etranje k ap aprann lang kreyòl la tankou: Siwolin: leson kreyòl pou etranje ki pale fransè, ak divès lòt ankò. Alòske anpil ayisyen pa konn ekri lang y ap pale toulejou a. Sa a se lawonte, mezanmi!

Koze pale lang anndan peyi Ayiti pa piti paske nou pa ka bliye tou, Ayiti se yon zile ki gen de (2) lang ofisyèl: fransè ak kreyòl. Li lè li tan pou Ayisyen sispann fè demagoji. Ann pote kole ak tout moun, tout enstitisyon ki vle fè pwomosyon de (2) lang sa yo anndan peyi a. Nou pa ka jete ni fransè ni kreyòl. Yon Aysisyen ta dwe pale, ekri ak konprann toulède. Se sa k fè nou dwe chwazi bon palmantè ki kapab ekri e fè pase bon jan lwa nan lachanm sou zafè edikasyon e tout yon politik lengwistik pou benefis peyi a.

Li enpòtan pou n aprann chwazi moun ki ka mennen peyi Dayiti nan chemen devlopman kote pou gen bon jan wout, lekòl piblik, lopital, sekirite, elatriye. Nou dwe debarase nou de tout vye ògèy ak konpòtman egoyis ki anpeche n vanse. Ann chèchè wè sa ki bon lakay chak moun, kòman yo ka ede nan devlopman peyi an.

Pou fini, nou vle di yon gwo ayibobo pou tout lekòl nan peyi Dayiti ki anseye kreyòl ak fransè. Nou dwe sispann tande palmantè ak swadizan moun ki okipe gwo pòs nan peyi a ki rive nan peyi frankofòn epi ki pa ka pale fransè tandiske lang fransè a ofisyèl lakay yo. Nou dwe sispann wè ak tande Ayisyen poutèt yo pa ka ekri lang kreyòl ap chache retire l sou moun nan tout vye prejije yo genyen tankou lè y ap di: «ki kote kreyòl ap mennen nou?». Li lè li tan pou tout moun, tout Ayisyen konprann yon lang pa lòt bagay ke yon mwayen pou kominike lide w, panse w, kilti w, konesans ou ak divès lòt bagay ankò. Lang kreyòl se yon ‘lang vivan’ tankou tout lòt lang yo pale, ekri e ki vle jwenn vrè plas li anndan sosyete ayisyèn nan ak nan lemonn antye. Kreyòl pale, kreyòl konprann.

(Sandra Piverger - Lisansye nan Kominikasyon
Fakilte Syans Zimèn, Inivèsite Deta Dayiti)

boule

Nòt

  1. DEGRAFF, Michel.1992. “Créole grammars and the acquisition of syntax: the case of Haitian ”. University of Pennsylvania, Ph.D.
  2. MIRVILLE, Ernest. 1971. “Le créole peut-il être claire?”. (Mémoire de sortie).  Faculté d’Ethnologie de Port-au-Prince, UEH.

Edisyon E. W. Vedrine Creole Project

 
Logo