Nan yon nòt pou Laprès, Plan Ayiti, yon òganizasyon entènasyonal devlopman kominotè ki santre sou timoun, anonse, pou okazyon jounen entènasyonal kont abi k ap fèt sou timoun, dimanch 19 novanm k ap vini la, ap gen yon fowòm nasyonal sou tèm; «Vyolans ki afekte timoun» vandredi 17 pou rive dimanch 19 novanm nan Karibe Convention Center ki nan Petyonvil.
Santrant (130) timoun ki sòti nan 10 depatman peyi a ak nan Repiblik Dominikèn ap gen pou patisipe nan gwo fowòm sa a. Plan Ayiti fè fowòm sa a nan tèt kole ak Koalisyon Ayisyèn pou Defans Dwa Ttimoun (COHADE), World Vision, Volontarya pou Devlopman Ayiti (VDH) epi Plan Repiblik Dominikèn.
Prensipal objektif fowòm sa a vize se:
- Rive kreye yon espas ki pèmèt timoun ki sòti nan tout rejyon peyi a ak nan Repiblik Dominikèn pou pataje esperyans yo sou sijè ki afekte yo;
- Pwopoze solisyon pou ranfòse e ankouraje rezo timoun k ap defann dwa yo;
- Fòme yon rezo nasyonal timoun k ap defann dwa yo;
- Ankouraje inisyativ ki fèt nan kominote yo ki garanti byennèt tout timoun ak patisipasyon yo nan desizyon y ap pran ki konsène yo.
Yo òganize fowòm sa a tou pou mete bout ak inisyativ yo te pran deja tankou:
- Atelye fòmasyon pou timoun sou tout tipa k tout fòm vyolans k ap afekte yo nan kominote a
- Dyagnostik timoun yo fè sou fòm vyolans k ap afekte yo nan kominote yo
- Atelye sansibilizasyon pou paran yo sou vyolans k ap afekte timoun yo ak empak yo genyen sou devlopman yo
- Atelye sansibilizasyon pou jounalis yo sou repòtaj y ap fè sou vyolans ki afekte timoun
- Fowòm ki rasanble timoun tout depaman peyi a pou pataje rezilta Dyagnostik yo fè nan kominote y ap viv pou yo kapab fè yon plan aksyon k ap pèmèt yo mobilize kominote yo sou vyolans k ap afekte timoun yo
- Òganize eleksyon pou fòme plizyè rezo nan tout depatman yo pou timoun k ap defann dwa yo nan Nòdès, nan Sidès ak nan Lwès
- Fè timoun fè emisyon nan radyo pou sou tèm vyolans.
N ap raple timoun yo se premye kategori pi ki touche ak sitiyasyon vyolans ki genyen nan peyi a.
Marie Ludie Monfort
novanm 2006
|