Ayiti

Enfòmasyon sou divès aktivite Biwo
Sekreteri d Eta Pou Alfabetizasyon
an ap fè

pou make Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la
28 oktòb 2005

SEKRETERI D ETA POU ALFABETIZASYON
Reskonsab Nasyonal

Armoirie

REPIBLIK D AYITI

Nan okazyon venndezyèm Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl la, Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an ap òganize divès aktivite. Aktivite sa yo ap fèt nan lide pou ankouraje tout moun, tout enstitisyon reflechi sou Lang Kreyòl la.  

Men lis aktivite yo :

1. Aktivite sansibilizasyon 3 – 18 oktòb 2005

  • Nan enstitisyon piblik yo pou ankouraje yo :
      • Resevwa vizitè yo an kreyòl
      • Ekri tout enfòmasyon y ap afiche an kreyòl ak an fransè
      • Sèvi ak lang kreyòl

2. Refleksyon nan lekòl

  • Refleksyon nan plizyè lekòl prive ak lekòl piblik nan Pòtoprens ak nan kèk vil pwovens depi 10 oktòb jis 25 oktòb 2005.
  • Fowòm pou elèv ki reprezante lekòl prive ak lekòl piblik yo nan Lise Marie Jeanne jedi 27 oktòb 2005 depi 9è pou 1è nan aprèmidi.

3. Divès emisyon nan radyo ak nan televizyon depi lendi 24 oktòb jis samedi 30 oktòb plis piblikasyon yon tèks nan Jounal “Le Matin

      • Radyo Nasyonal
      • Radyo Galaksi
      • Radyo Ginen
      • Radyo Kiskeya
      • Radyo Melodi FM
      • Radyo Komèsyal
      • Tele Nasyonal
      • Radyo Karayib
         
  • Pwomosyon Lang Kreyòl la, nan fè :
      • Distribisyon mayo
      • Distribisyon flayèz
      • Piblikasyon yon nimewo espesyal ’’Bilten Kominikasyon’’ Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an pwodui
      • Kou kreyòl nan yon tan tou kout pou tout moun ki vle aprann ekri kreyòl.
        Aktivite sa a ap fèt channmas jedi 27 ak vandredi 28 oktòb 2005 depi 10è nan maten pou 4è aprèmidi.
      • Ekspozisyon liv ki ekri an kreyòl
      • Ekspozisyon liv ki ekri sou kreyòl
      • Ekspozisyon tout dokiman ofisyèl ki te dwe ekri an kreyòl ak an fransè

4. Vant Siyati liv ki ekri an kreyòl :

Bibliyotèk Nasyonal: 1è pou 4è aprèmidi – Jedi 27 oktòb 2005.

MUPANAH: 2è pou 5è aprèmidi – Vandredi 28 oktòb 2005.

  • Lang pa gen zo Claude C. PIERRE
  • Depi nan Ginen Nèg Renmen Nèg Suze MATHIEU
  • Adjanoumelezo Franck ETIENNE


PWOGRAM AKTIVITE NAN MUPANAH (Musée du panthéon national haïtien)

Vandredi 28 oktòb 2005

11è 30-12è 10        Akèy envite yo
12è 10-12è 25        Direktris mize a oubyen reprezantan l ap pran lapawòl
12è 30-12è 55        M. Claude PIERRE ap pran lapawòl

  • Kote lide mansyon an soti
  • Pou ki rezon mansyon an
  • Pou ki sa se moun sa yo, enstitisyon sa a yo, pèsonalite sa yo, yo chwazi ?

Rapò ant mansyon an ak Lang Kreyòl, Aprantisaj, Sosyete.

1è-1è 15   Remiz mansyon

  1. Personnalités Iv Dejean, Mme Fombrun, Franck Etienne, Pierre Vernet
  2. Personnalités Créateurs
  3. Personnalités Essais et théories
  4. Institutions
  5. A titre posthume

2è   Remèsiman

  1. Vin donè
  2. Enfòmasyon sou rès aktivite ki gen pou fèt yo
     
 
Logo