AYITI

Nòt pou editè liv an kreyòl ayisyen

Fòmilè
(en doc, 124 KB)

livres


KEPKAA (Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl Ak Alfabetizasyon) ap travay sou yon pwojè pou rann posib  kèlkanswa liv ki edite an kreyòl ayisyen pou l ta disponib nan Bibliyotèk Minisipal Dyaspora a kote ki gen plizyè Ayisyen. Nou vize premyèman vil Monreyal, youn nan andwa sa yo (e kote òganizasyon an gen baz li). Travay sa a ka sèvi tou kòm referans pou konnen rapidman ki kote yon moun ka konsilte oubyen achte yon liv ki enterese l. Plizyè editè tankou: Educa Vision, Librairie Caraibe, Edisyon Lagomatik, E. W. Védrine Creole Project, elt. deja kòmanse bay kolaborasyon yo. Nan sans sa a, èske ou ka:

  1. Ranpli fòmilè nou atache a ak nòt sila a epi retounen l ban nou (gade sou egzanp lan)
  2. Fè sikile nòt sa a bay tout editè ou konnen, oubyen fè nou jwenn kowòdone yo. Si pami editè yo ta genyen ki vle tou espedye kèk liv pou pwojè a, yo va poste yo bay:

KEPKAA
1201 Champlain
Longueuil, Qc. Canada, J4K 2R8.

Ak onè respè
Pierre-Roland Bain,

Comité International Pour la Promotion du Créole et l'Alphabétisation
Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl Ak Alfabetizasyon (KEPKAA)
C.P 65060, Succ. Place Longueuil, Longueuil, Qc, J4K 5J4
Tél. / Tel. (514) 907 8554
Courriel / imel
Visitez notre site / vizite sit  nou an: Mois du créole

Fòmilè
(en doc, 124 KB)
 

 
logo