Drenay sèvo: efè li nan soudevlopman Ayiti

E.W.Vedrine

Boston, 2 novanm 2006

Nan diskisyon sa a, premyèman, li enpòtan pou n gade kisa ki lakoz sèvo yo pati kite peyi a. Nan sans sa a, nou ka branche sou 2 kòz: politik e ekonomik.

Ayiti sibi yon degrengolad politik e ekonomik sou diktati Divalye a, e ki kontinye jouk jounen jodiya. Divalye (papa e pitit) te plis enterese nan kenbe pouvwa pou letènite. Zafè pwofesyonèl, save (nan tout domèn) pa t enterese diktati a, e si moun sa yo pa t sanble yo t ap sipòte l, fòk yo te bay peyi a blanch. Konsa, krèm peyi a depafini.

Wi krèm peyi a oblije jete l lè l ta apèsi lavi l an danje, lè l apèsi lòtbò dlo ta ofri l lavi miyò. Vag pwoblèm  sa a kòmanse presizeman nan ane 60 yo, epòk lè diktati a te kòmanse ap rèk. Yon lòt pa, UNESCO (United Nations Educational, Scientific and Cultural Organization) t ap rekrite yon seri kad, pwofesyonèl pou al bay koutmen a yon seri peyi Afrik ki te apèn pran endepandans yo. Se te yon avantay bab e moustach pou anpil ladan yo (ki t ap kalewès lakay) lage kò yo la (ni sa ki te kòmanse gen pwoblèm ak diktati a, ni sa ki te deside ret bèbè ki pa t pale e ki t ap panse a fason yo ta ka chape pou l yo san bri san kont).

Anpil t ap byen mennen an(n) Afrik, sitou Afrik frankofòn, pase yo te pale lang fransè a deja donk yo pa t gen pwoblèm laba a pou fonksyone lengwistikman palan. Gen ladan ki tou rete an(n) Afrik, gen ladan yo tou ki etan Afrik lage kò yo Kanada, Etazini, Ewòp? Kisa sa vle di pou nou? Repons lan: nou pa wè yon pòt retou posib pou Ayiti nan koze a. Wi nou pa wè yon pòt retou lè yo gen tan fin adapte yo avèk nouvo anviwonnman y ap viv la paske yo te mete deyò pou lavi miyò. Pa bliye, gwo drenay sèvo sa a kòmanse depi kòmansman ane 60 yo epi diktati Divalye a pral chavire jis an 1986. Donk, nou ka pale san pwoblèm de 30 ane diktati (lè n ta ajoute dezan degi sou venntuit, sa kèk kritik ta rele divalyeris san Divalye (le duvaliérisme sans Duvalier) obyen yon filozofi apre nou se nou,  ki yon fason, te gen rèn pouvwa a (apre depa Janklod) jiska 1988 lè Leslie F. Manigat vin monte, gras a konkou kèk potanta nan menm lame ki t ap sipòte diktati a) e enfliyans sou tout Ayisyen ki pa t wè posiblite pou retounen Ayiti. Pase lè Divalye (papa) al bwachat an 1971, Divalye (pitit) pran mayèt la. Sèdike, sèvo ki te kite Ayiti sou Papa Dòk pa t wè posiblite retounen Ayiti sou Babidòk (pa gen diferans ant makou ak mimi, tout pote non chat).

Donk jenerasyon ki te kòmanse kite Ayiti nan ane 60 yo tou rete lòtbò dlo kote yo menm vin gen pitit yo ki fèt lòtbò dlo. Byenke nouvèl jenerasyon sa a ta desandan ayisyen, men o fon, li pa janm reyèlman viv reyalite ayisyèn nan, reyalite toutouni Ayiti ap viv depi digdantan an. Pa gen koneksyon posib pou (yo) konprann tout lanvè landrèt pwoblèm Ayiti lefèt ke yo menm pa t janm viv la. Se tout absans yon esperyans transandantal (fò w viv li pou rive konprann li). Se vre dotyen nan yo kapab gen kèk admirasyon pou Ayiti (depan de jan paran yo ta prezante Ayiti ba yo, depan de enfliyans medya etranje a sou yo ki toujou prezante sèlman kote negatif Ayiti oubyen tou, foug yo ta genyen pou al chèche konnen istwa peyi sa a ki rele Ayiti,  fen e byen).

Ansòm, jenerasyon sa a, li menm, adapte l san pwoblèm ak nouvo anviwonnman an (kit li Kanada, Etazini, Lafrans, nan Zantiy yo, Venezyela, Sendomeng, Bahamas, anfen tout kote nou te ka foure nan onzyèm depatm an oubyen sa yo rele dyaspora a.

Aktyèlman, nou ka pale de twazyèm jenerasyon ayisyen (nan dyaspora a) kote yo entegre yo san pwoblèm nan anviwonnman y ap viv la. Donk klèman, nou pa wè yon pòt non retou ki ouvri de batan l nan koze retounen al viv Ayiti nèt nèt (kit nou refere a jenerasyon ane swasant yo ki prèske, li menm, fin mouri aletranje oubyen ki fin granmoun e ki pa wè ankadreman Ayiti pral ba li si l tounen, kit nou ta refere a desandan l ki fèt aletranje).

Sa k vin konplike koze a plis, sèke pa gen yon dyaspora ayisyen ki dyanm, youn ki òganize toutbon vre. Si te egziste youn ki òganize nèt al kole, sètènman Ayiti t ap gen espwa tann yon retou sèvo ayisyen kare bare, menm jan sa fèt pou peyi Izrayèl, paske egzistans eta jwif la gen pou wè 100% (san pou san) ak sipò dyaspora jwif la ba li depi egzistans li apre Dezyèm Gè Mondyal. Donk li enposib pou n ta pale de yon retou alontèm an(n) Ayiti yon sèvo ayisyen epi pou n ta kite dèyè enpòtans pou dyaspora ayisyen an ta òganize l dabò.

Kounyeya si dyapora a ta rive òganize l toutbon vre, se la li ta reyèlman prè pou ede Ayiti (nan tout sans) byenke se li menm, ki depi kèk tan ap fonksyone kòm kolòn vètebral ekomik li. Ayiti tou, enpòtan pou l gade sa nan kad fiti devlopman ekonomik li: pa ki filyè li ka ankouraje dyaspora ayisyen an òganize l pou ede l toutbon? Donk la a, globalman, mwen wè fò gouvènman ayisyen ta reyèlman gen yon vizyon alontèm pou devlopman Ayiti, kòmanse panse sou sa, pase Ayiti p ap janm rive gen yon vrè chanjman ekonomik ak absans patisipasyon dyaspora a (nan tout sans) lè n konnen krèm Ayiti chita nan onzyèm depatman an, lè n konnen Ayiti ak dyaspora se 2 vrè zèl zwazo a pou l vole.

Donk la a, li klè nan diskisyon an pou n vize travay yon ministè dyaspora ta dwe genyen nan plan li pou kreye tout pon posib rapidopresto (ant Ayiti ak dyaspora a). Wi, gen posiblite pou kreye yon pon ki dirab ant 2 gran kominote yo si Ayiti ta rive mete bonjan estrikti sou pye pou sa tounen reyalite. Sètadi, li enpòtan pou gouvènman ayisyen ta kòmanse pa kreye yon seri kanal pou fasilite relasyon etwat ant Ayiti ak onzyèm depatman an. Li klè kou jou ke jenerasyon ayisyen ki ka ede nan sans sa a pa pral retounen Ayiti nèt nèt, men gen posiblite pou fè antre soti ant Ayiti ak dyaspora a. Poukisa li pa pral tounen Ayiti nèt nèt? Li klè kou jou: premyèman, li fin adapte ak reyalite nouvo anviwonnman an (ke l fèt la, ke l grandi la, se yon anviwonnman ki rele l chèmèt chèmetrès. Epi sou plan ekonomik, se nouvo anviwonnman an ki ka ba li yon pi bon asirans, yon pyedatè pou fè fas ak reyalite ekonomik lan.

An gwo, nou wè patisipasyon jenerasyon sa a nan kad devlopman Ayiti men, sa pa nesesèman vle di fòk li retounen nèt sou teren an (Ayiti) pou l fè yon travay pozitif, yon travay k ap pote siksè (pase nou deja wè blokis ekonomik lan pou li pi devan, kote Ayiti pa pral ofri l yon lavi miyò men se li menm, pito, ki pral bay Ayiti lamenfòt, ki pral pataje konesans li ak Ayiti). Donk èd li ka rive bay Ayiti a, fò n trè presi sou ki fòm sa ka fèt epi nou ka di wi, gen posiblite pou l fèt alontèm men la a ankò fò nou trè presi nan diskisyon an. Alontèm, nou wè ke toujou dwe gen yon rapò sere sere ant Ayiti e dyaspora a kote fòk kanmèn gen antre soti tanzantan (sètadi, yon pye anndan Ayiti, lòt la deyò). Fòk gen yon pye deyò tanzantan pou asire kichòy ekonomik pou ede Ayiti e alafwa, endividi a.

Men an gwo, se toujou grès kochon an k ap kwit kochon an (andotretèm, se toujou pitit Ayiti k ap ede l). Sèdike, se pa kwi manzè Ayiti pral lonje devan blan la a men se pito yon prizkonsyans ke pwòp pitit pa l nan dyaspora ka pran pou ede l, kote yo ka debouye yo kou mèt Jan Jak pou sa rive fèt.

La a ankò, nou oblije retounen sou enpòtans pou dyaspora a ta kòmanse aprann òganize l sou tout fòm nan kad yon vizyon èd alontèm pou Ayiti. Nan ka sa a, fòk gen bonjan kominikasyon ant plizyè gwoup moun ak òganizasyon (nan toude gran kominite yo). Fòk toude gwoup moun, òganizasyon yo vize yon peyi: Ayiti. Sèdike, pa gen oken plas pou awogans layite kò l (tèlkòm mwen se dyaspora, se mwen sèl ki ka ede Ayiti nan tout sans oubyen, mwen se Ayisyen k ap viv Ayiti ki konn reyalite teren an, mwen pa bezwen fonksyone ak dyaspora, mwen konnen sa m bezwen e sa pou m fè). Non! Sipoze gen yon kafou rankont pou brase lide jwenn plas li merite e nan respè youn pou lòt pou byennèt Ayiti e tout Ayisyen. Wi, vize AYITI dabò! Se pa pou nou vize tèt nou etan gwoup oubyen òganizasyon (si nou ka fè yon bagay pozitif pou Ayiti). Vize pito ki valè ayisyen Ayiti ki ka benefisye de sa n ka fè a, ki ka itilize l tou kòm modèl pou ede plis Ayisyen, ansòm tout Ayiti.

Nan gwoup moun ki ta dwe òganize yo nan dyaspora a, nou ka wè l pa pwofesyon: anseyan (primè, segondè, inivèsitè), avoka, biznismann, bwokè, chèrchè, ekriven, enjenyè, etidyan (segondè, inivèsitè), gwoup medikal (medsen, enfimyè, oksilyè, teknisyen medikal), konstriktè, òganizasyon rejyonal, òganizasyon non gouvènmantal (ONG), relije (pastè, pè (prèt), teknisyen (tout tip) epi tou pou yo ta rete konekte ak menm gwoup sa yo an(n) Ayiti pou ta fè yon travay pi dyanm.  Lè yo fin òganize an gwoup, yo ka reyini tanzantan pou non sèlman diskite pwoblèm Ayiti men tou, pou kòmanse vini ak kèk solisyon konkrè dekwa pou ta reyèlman montre patisipasyon yo (pa sèlman nan lansman ide men tou, nan mete men nan pat la). Pami solisyon sa yo, nou wè enpòtans pou gwoup sa yo ta desann Ayiti tanzantan al pote savwa yo, tèlkòm: bay konferans, fè atelye pou ede sa k Ayiti yo dekwa lè yo menm  fin pran trening sa yo pou yo kapab an mezi pou fòme plis Ayisyen an retou e ensidsuit, men toujou nan yon vizyon ki rete nan kad filozofi grès kochon an kwit kochon an.

E.W.Vedrine

 Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com