Diskou elektoral yon pati politik

Nan pati politik nou an, nou pral akonpli sa nou pwomèt.
Sèl enbesil yo ka kwè ke
Nou pa pral lite kont koripsyon.
Paske gen yon bagay ki sèten pou nou:
Onètete ak transparans se koze esansyèl pou atenn bi nou.
N ap demontre ke l ta yon gran enbesilite pou kwè ke
Mafya yo pral kontinye fè pati gouvènman an tankou l te ye avan.
Nou asire, san okenn dout, ke
Lajistis pral bi prensipal manda nou.
Malgre sa, gen enbesil ankò ki panse ke
Nou kapab kontinye gouvène avèk riz ansyen politik la.
Lè n (fin) pran pouvwa a, n ap fè tout mwayen posib dekwa
Pou met fen a sitiyasyon privilejye yo e nan trafik ki gen enfliyans yo
Nou pa pral pèmèt nan oken fason afè
Timoun (nou yo) ap mouri grangou
Nou pral akonpli pwomès nou menmsi
Rezèv ekonomik yo konplètman vid
Nou pral egzèse pouvwa a jiskaske
W ap konprann ke depi kounyeya
Nou se Pati Dan Griyen, “politik tounèf”.

[Kounyeya, li tèks la: kòmanse ak dènye liy lan epi remonte liy pa liy jis nan kòmansman an.] re: yon tèks (nan lang fransè) ki sikile sou entènèt la. Otè: enkoni.

[Vèsyon kreyòl ayisyen: E. W. Vedrine]

Discours électoral d'un parti politique

Dans notre parti politique, nous accomplissons ce que nous promettons.
Seuls les imbéciles peuvent croire que
nous ne lutterons pas contre la corruption.
Parce que, il y a quelque chose de certain pour nous:
L'honnêteté et la transparence sont fondamentales pour atteindre nos idéaux.
Nous démontrons que c'est une grande stupidité de croire que
les mafias continueront à faire partie du gouvernement comme par le passé.
Nous assurons, sans l'ombre d'un doute, que
la justice sociale sera le but principal de notre mandat.
Malgré cela, il y a encore des gens stupides qui s'imaginent que
l'on puisse continuer à gouverner
avec les ruses de la vieille politique.
Quand nous assumerons le pouvoir, nous ferons tout pour que
soit mis fin aux situations privilégiées et au trafic d'influences
nous ne permettrons d'aucune façon que
nos enfants meurent de faim
nous accomplirons nos desseins même si
les réserves économiques se vident complètement
nous exercerons le pouvoir jusqu'à ce que
vous aurez compris qu'à partir de maintenant
nous sommes le Parti d'En Rire, la “nouvelle politique”.

[Et maintenant, lisez le texte en commençant par la dernière ligne et en remontant ligne par ligne jusqu'au début.]
(re: texte circulé sur l'internet. Auteur: inconnu)

 
 
Logo