Vodou & Krisyanis

Vèsyon kreyòl tèks JOPHIMANA@aol.com (M. Innocent G. siyen anba l).
Ann jete yon koutje sou li tou avan n kontinye diskisyon an.
– Emmanuel W. Vedrine (tradiktè kreyòl).
[Diskisyon sou fowòm Haitian Politics, 15 sept. 2005]
 

Scène de Vaudou
Scène de Vaudou, Dieudonné Rouanez. Source.

[Nou tout fyè de zansèt nou ki fè peyi nou premye repiblik nwa; men an menm tan, nou wont relijyon yo. Kijan fè n ap asepte rezilta sa Boukmann te fè pou l libere nou epi nou kontinye bliye metòd li te itilize? Mwen vle raple nou ke l te itilize VODOU pou delivre nou de mal. Voudou pa, pou otan, yon bagay satanik; nou fè l sa l ye jodiya lè n ajoute egoyis ak iyorans nou ladan.

Lè Boukmann te fè seremoni l nan Bwa Kayiman, dye l te envoke yo se pa t Bondye Abraram ak  Jakòb; nou pa pitit Izrayèl. Li lè li tan pou n reyalize ke Abraram ak Jakòb pa zansèt nou. Pèp ki te soti Afrik la se yo ki zansèt nou, epi yo te vin avèk relijyon yo ki vodou.

Vodou orijinal sa a pa pran sous li nan Satan; se pito melanj relijyon afriken ki gen ladan: koutim Endyen ki gen pouvwa pou fè gerizon. Se te yon relijyon ki kategorize tout kretyenvivan, pati ki bon ak pati ki mal, refleksyon pirman natirèl.

Nou dwe sispann fonksyone tankou ipokrit karesan epi asepte rasin nou. Chak fwa nou rejte kilti n ak foklò n, nou nye sakrifis zansèt nou yo te fè epi nou rejte tèt nou tou kòm Ayisyen.

Kèk nan nou, wè lang fransè a ke kolon yo te ban nou e kounyeya, vle anbrase kreyòl. Yo te ban nou krisyanis tou! Poukisa pou n rejte youn epi anbrase yon lòt? Nati nou se fè sa ki toujou parèt bon pou nou pou n parye sou moun k ap parye pi wo.

Nou dwe sonje tou ke Endyen ki t ap viv sou tè Hispaniola1 se pa t kretyen yo te ye. Sa tris pou wè yon moun itilize lespri l pou pale sou krim vodou, pandan l bliye bonjan krim yo dokimante sou relijyon krisyanis. Ann itilize bonsans nou ak egzanp sa a: yon gwoup moun ki soti Ewòp ki gen krisyanis kòm relijyon – dechouke yon lòt gwoup moun ki soti Afrik, ki gen vodou kòm relijyon l epi l mete yo nan esklavay, de fason pou yo menm vin anrichi. KOTE MAL LA?
M. Innocent G.]

Nòt

  1. Hispaniola.
boule

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 

 

 
logo