POU YON REVOLISYON
NAN‘MANTALITE’ AYISYEN

Emmanuel W. VEDRINE
2 fevriye 2006
 

Pères de la patrie
Toussaint Louverture - Jean-Jacques Dessalines
Alexandre Pétion - Henri Christophe.
haitiglobalvillage.com

Mezanmi se pa de koze, pawòl tèt anba, pawòl tafwa nou kapab li sou tèm revolisyon ki an rapò ak Ayiti Cheri nou an. Chak moun kanpe nan yon ti kwen ap fè yon revolisyon (swa ak plim, zamfannfwa, zam blanch, sa ki gen tan ap prepare pou fòme opozisyon avan eleksyon pou koudeta pi devan, voye m monte m va voye yo desann…). Tèt chaje pou Sò Ayiti! Mèzalò, kilès nan tout ki pote ou ki ka pote reyèlman yon chanjman ki ka ale nan avantaj tout Ayisyen e nan avantaj Ayiti? Adye wi dan!  

Pa gen pwoblèm, nou tout konnen Papa Desalin ak lòt brav epòk li ki te batay ak tout nanm, tout fòs yo pou kase chenn lesklavay, pou te retire jouk peyi Lafrans te mete dèyè kou nou menm nèg Lafrik. Men depi lontan tou, te gen magouyè k ap pran woulib sou do revolizyon; sètadi nan epòk la, te genyen potorik gason ki te pran pòz kanpe bò kote Desalin men kèk raketè sa yo te gen tan vize avantaj yo pi devan pou t al mete pèp Ayisyen nan yon dezyèm esklavay. Ide neyekolonysalis sa yo rete vivan jounen jodiya kote yo kontribye a enpas Ayiti twouve l jodiya (sou yon okipasyon nimewo 3 ak kado sa ban nou).  

Raketè sa yo ki te pran daso travay pyout, travay sakre Desalin nan, pa t reyèlman panse a tray majorite moun ki t ap soufri yo, pa t reyèlman wè yon patri lib e libè kote tout moun ta souse nan zo revolisyon sa a. Enben, rezilta konpòtman yo (yon trayizon pou listwa, e ki tounen yon pyè dachofman pou rive jounen jodiya) pa t pran anpil tan pou l te lakòz asasina fondatè patri a, ki, li menm, te vize yon pwojè sosyal alontèm pou tout pitit tè a ta benefisye de li.  

Depi apati Premye Janvye 1804 (endepandans Ayiti), Desalin menm ban nou yon ide de koze egalite ke li t ap reve a atravè repa espesyal tout moun alawonnbadè te dwe manje (an palan de soup joumou ki vin tounen yon tradisyon pou Ayisyen chak lè dat sa a rive, e anpil nan nou si nou pa bwè l jou sa a, nou santi nou pa kòdyòm.  

Poukisa ‘soup joumou’? Enben lè n al fouye zo nan kalalou listwa, nou wè se te yon pla gran nèg (alòs, moun ki pa t nenpòtreki alepòk). La menm, nou wè malere do chire, linèt dèyè pantalon, moun pye atè pa t ka manje bagay konsa (alòs esklav yo, amwenke se yon lasibab kolon yo ta jwenn). Depi anvan kokenn jou sa a te rive, anprè a ta pase lòd pou tout moun ta pran repa sa a. Choz di choz fèt! Bon, kèk nan nou ki pa t konnen anvan te ka di: «Soup joumou an reprezante yon senbòl ‘vikwa’ pou nou sou ‘vye Fransè’ yo ki te konn pran plezi pyetine nou tout jan». Nou pa fè zewo nonplis si n ta di sa. Men se yon pla sosyal (prestijye) li ye.  

Papa Desalin pa t yon nonm ki rasis (si dotyen moun ta mal entèprete misye) oubyen si n ta li yon kont mal taye sou do l. Okontrè se te yon imanis, kè touchan. Li sibi mizè, pase tray kòm ansyen esklav tou anvan l te vin rive pran liberasyon l. Menm kan li te vin lib, kè misye te toujou ap rache l chak jou lè l te wè tray moun ki te esklav toujou t ap pase anba zig vye blan fransè.

Si Desalin te fè yon balewouze nan lakou a, enben se te yon koze «defans lejitim», se te yon koze «èy pou èy, dan pou dan» kont bandi fransè machwè won e n ap wè sa klè kou jou lè nou pakouri listwa. Se pa t tout blan ki te jwenn pinisyon yo; se te plis raketè bèk fè ke krache kòlè anprè a te tonbe sou yo. Kòlè Desalin se dife! E sa ki etone nou (nou menm pitit pitit ansyen esklav), e ki etone Lafrans tou, sèke gwoup sòlda Lapolòy ki te debake Ayiti ak twoup Napòleyon yo, enben jenn ti mesye sa yo te vin chanje fizi yo zèpòl, yo chanje kazak: yo vin nan kan Lame Endijèn nan pito.

Sikolojikman, gen yon dal ak yon pakèt kesyon nou ta ka poze lè n konnen mirak se pa bagay ki voup li fèt konsa konsa. Donk fò nou ta retounen nan listwa pou analize sikoloji Lafrans vizavi Lapolòy nan epòk la ak tout istwa dèyè l, ki koze  ki t ap pase nan tèt sòlda polonè sa yo (istorikman e sikolojikman palan) pou ta finalman pouse yo pou pran yon tèl desizyon kont lame fransè a ki konnen l t ap vin taye banda l jan l vle Ayiti.

Lòt koze enpòtan tou: pou sove lavi w, èske w ap rete nan kan ou apèsi k ap pèdi a lè w ap goumen? Mezanmi, sa pa vle di pou otan ke m ap lonje dwèt jouda m sou sòlda polonè yo non pou ta konsidere yo opòtinis. Non! De tout fason, Desalin te twouve sa yon jès enkwayab e imanitè alafwa, epi l te bay ti mesye blan sa yo sitwayènte ayisyen ak kèk andwa pou yo rete (apre revolisyon an), kote n ap jwenn desandan moun sa yo egziste toujou jounen jodiya, nan zòn tèlkòm Kazal, Senjan, Fondèblan… jis pou site kèk; n ap jwenn ras moun je ble sa yo ki peple ak nègès nou yo tèt kale (ki bay grimo, grimèl, katewon, milat, milatrès, po lanvè, grif).

Pou n tounen sou gwo koze revolisyon an, ki sijè prensipal nou, ke plizyè Ayisyen ta vle entèprete jan pa yo jounen jodiya (pou regle koze yo, men pa pou chanje vizaj Ayiti tout bon), enben vrè revolisyon ke nou tout Ayisyen bezwen nan venteyinyèm syèk la pa ta dwe youn kote nou youn kontinye ap dechire lòt (kit se ak zamfannfwa, zam blanch, pawòl piman bouk n ap di youn sou lòt san oken respè mityèl, koze matyavèl n ap ekri pou kraze lòt (swa kèk nan nou touche pou sa, swa lòlòy kèk nan nou ta vire oubyen sèvèl kèk nan nou ta chavire oubyen tou pou nou plè kèk gwoup k ap ban nou yon lasibab kèlkonk pou n toujou rete sousoubrake), maji k ap fèt pou touye youn lòt oubyen pou travay lòt pa mache byen, kidnaping pou fè lajan… anfen tout koze ki te ka montre lahèn, yon fason yon lòt kont lòt Ayisyen parèy nou. Se pa tip revolisyon sa a ki pral chanje Ayiti oubyen k ap nan avantaj chak grenn Ayisyen. Okontrè, se plis vyolans sa pral kreye, se plis destriksyon sosyete a sa pral kreye, ansòm se plis zigzani ki pral miltipliye.

N ap viv nan yon sosyete ki divize depi aprè lanmò Desalin, youn ki divize sou tout pwen. E sa ki pi rèd la, nou tout se Ayisyen (ki benefisye de sakrifis zansèt yo pou te libere nou e yon liberasyon ke anpil nan yo pa t menm gen tan jwi). Se vre nou tout rekonèt sakrifis zanzèt yo pou te kreye yon patri lib e libè pou taye banda n.

Donk revolisyon ke nou bezwen jodiya, se youn nan mantalite nou, se fason pou n repanse, se fason pou n aprann rechte tout bagay ki ta gen pou wè ak lahèn, tout bagay ki ta koze yon anpechman nan reyon bisiklèt devlopman Ayiti, se fason pou n aprann rechte tout sa ki ta divize nou kòm Ayisyen epi aprann anbrase tout sa ki kapab ini nou, tout sa ki kapab sèvi fyète pou nou e tout sa nou wè nou kapab fè pou ede Ayisyen ki nan bezwen yo (sa ki pa kapab manje, sa ki pa kapab ale lekòl, sa ki pye atè, sa ki toutouni, sa ki bezwen swen medikal, sa ki ap soufri tout tip soufrans) e an gwo, pou n ede yon peyi ki nan bezwen e ki bezwen èd nan men nou tout, yon peyi ki ban nou tout nesans.

An rezime, sètènman nou bezwen yon revolisyon men youn kote tè Ayiti ka sispann bwè san pwòp pitit li, yon revolisyon pou n antere koudeta, yon revolisyon pou n antere dechoukay (kraze brize sou tout fòm), yon revolisyon pou n montre lemonn antye nou konnen sa nou vle, youn pou n montre nou sivilize. Wi nou bezwen yon revolisyon pou montre okipan aktyèl yo ke nou gen yon pase ki chaje ak glwa! Wi nou bezwen yon revolisyon pou n al dèyè kokenn pèl Ayiti pèdi a ki rele «La perle des antilles»! Wi nou bezwen yon revolisyon pou bay Lamè Karayib defi pou reken l yo pa kontiye manje Ayisyen! Wi nou bezwen yon revolisyon pou n sispann fè tyoul peyi etranje oubyen tyoul blan! Wi nou bezwen yon revolisyon pou n sispann fonksyone kòm tisousou, men pou n aprann mache bwòdè / abiye bwòdè kou Chalmay Peral! Wi nou bezwen yon revolisyon pou n pa wè Ayisyen k ap pase anba fil al Sendomeng men pou y al an vakans la ak fyète! Nou bezwwen yon revolisyon kote tout ti Ayisyen, san distenksyon, kapab ale lekòl gratis ti cheri pou aprann li ak ekri. Nou bezwen yon revolisyon kote tout boujwa manfouben soudevlope lakay ka sispann al sere lajan aletranje men pou y aprann envesti l nan devlopman Ayiti. Nou bezwen yon revolisyon pou n aprann pwodui tout bagay nou ka pwodui Ayiti. Nou bezwen yon revolisyon pou n chante mès ensekirite. Nou bezwen yon revolisyon pou n sispann viv nan blòf. Nou bezwen yon revolisyon pou antere koripsyon sou tout fòm. Nou bezwen yon revolisyon pou n aprann fyè de kilès nou yo. Nou bezwen yon revolisyon pou n aprann kiltive lanmou pou lapatri. Nou bezwen yon revolisyon nan mantalite nou si nou vle wè yon lòt Ayiti tout bon. (E. W. Vedrine)


Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 
 
Logo