Entèvyou: Emmanuel W. Védrine ak Eddy Le Phare

Emmanuel W. Védrine
 

Entèvyou sa a te reyalize sou antèn Radyo Ayiti Fokis nan dat 22 septanm 1996 nan Boston ak animatè Eddy Le Phare. Li baze sèlman sou Gramè Kreyòl Védrine *. Envite espesyal: Emmanuel W. Védrine.

E. Le Phare : Bon, m ap di bonjou a tout fanatik k ap koute «Miwa Marasa», espesyalman, fanatik «Ayiti Fokis». Kòm nou te anonse anba «Miwa Marasa», nan twazyèm pati pwogram nan, se yon entèvyou ak Emmanuel W. Védrine, ki nan estidyo a ak nou jodiya. N ap mande tout moun k ap koute, espesyalman moun ki konn kreyòl, moun ki ta renmen konnen plis sou kreyòl, moun ki ta renmen konnen kote kreyòl la ye, moun ki ta renmen konnen kote avni kreyòl la ye, youn di lòt, avanse pi pre, pa dekonekte paske nou gen youn nan moun ki trè aktif nan zafè kreyòl pa bò isit avèk nou, kote na va diskite sou yon gramè li fèk soti. M ap di tou, pèsonalite sa a ekri plizyè ouvraj anvan l te ekri gramè sa a. Pami yo, li ekri:

Dictionary of Haitian Creole Verbs With Phrases And Idioms, Ide pou kreye yon ‘High School' Ayisyen prive nan Boston, Materyèl Edikatif Pou Bileng Ayisyen, Di yon vèb tire yon kont, Poetry in Haitian Creole, Ti istwa kreyòl: Short stories in Haitian Creole, Un stylo international, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti, Koze lanmou, 23 poèmes en français et en haïtien, Peyi m rele Ayiti, Dis powèm sou lanati, Petit lexique du créole haïtien, N ap aprann pwovèb ayisyen, Kri pou liberasyon, Manyèl pou anseye seminè kreyòl ayisyen...

Atravè zèv sa yo, li montre enterè l menm jan ak lòt moun ki ta renmen wè yon avni pou lang kreyòl la vanse. M ap di Bonjou Védrine.

E. W. Védrine : Bon, m ap di w bonjou Eddy epi m ap salye tout moun k ap tande pwogram «Miwa marasa».

E. Le Phare : Ebyen bon, ou konnen rezon an deja, se pou nou pale de gramè sa a ou fèk soti. E anndan vant travay nou pral fè a, n ap touche de aspè: yon aspè kote na pral chèche konnen nan travay ou fè a kote l soti. Dezyèm aspè a, na va mande ou poukisa se konsa li fèt, poukisa li pa ta ka fèt yon lòt jan. N ap antre dirèkteman nan gramè a e nou konnen andepi de tout efò n ap fèt sou lang nan, nou vin genyen yon ekriven pami lòt k ap ekri yo, ki vin ak yon gramè e andeyò de sa, nou panse ki ka poze yon premye pyon oubyen yon premye wòch ki plante nan jistifikasyon n ap chèche bay lang kreyòl la. Toudabò, èske w ka esplike nou filozofi sa a, ki kote l soti?

E. W. Védrine : Bon, an patan, fò m di w gen anpil moun ki pibliye zèv deja sou lang kreyòl la. Genyen plizyè zèv ou ka analize, ki touche anpil aspè gramatikal lang kreyòl la. Donk, mwen fè anpil fouy sou sa, gen anpil ekriven ki pote kontribisyon pa yo deja. Si nou pral nan iswa, nou kapab derape ak Jules Faine ki youn nan filològ ayisyen trè popilè atravè rechèch li yo, pou apò li bay nan koze lengwistik, nan koze dokiman sou lang kreyòl la. Youn nan liv enpòtan Jules Faine te mete deyò se: Philologie Créole (1936) ki te pran pri sa a: «Prix de l'Académie Française». Jules Faine kontinye ekri lòt gwo liv sou kreyòl tèlke Le créole dans l'univers (1939). Apre sa, li pibliye anpil zèv atravè jounal nan peyi Ayiti. Li te kòmanse travay sou diksyonè tou; finalman, pa tèlman lontan, ak konkou lengwis Gilles Lefèbvre ansanm ak yon gwoup espesyalis nan «Université de Montréal», «Édition Lemeac» (Kanada) pibliye maniskri yon diksyonè Jules Faine te ekri (anvan l mouri an 1958), Dictionnaire français - créole . Nan kad sa a, nou wè anpil chemen li ouvè pou rechèch ak lòt moun k ap vin apre l pou kontinye fè rechèch. Apre Jules Faine, nou kapab pale tou de Suzane Comhaire ki bay anpil kolaborasyon nan koze lengwistik kreyòl. Li pibliye yon liv enpòtan ki rele: Syntaxe de l'haïtien . Apre sa, nou kapab vin tonbe sou Pradel Pompilus ki yon kritik literè e lengwis ayisyen an menm tan. Youn nan zèv li yo nou kapab site, se: La langue française en Haïti ki sèvi kòm tèz doktora li te prezante nan «Université Sorbonne» (Paris). Li gen tou plizyè zèv lengwistik nou kapab analize ki gen aspè gramatikal tèlke pa egzanp: Contribution à l'étude comparée du créole et du français à partir du créole haïtien , Manuel d'initiation à l'étude du créole ak anpil lòt zèv. Nou kapab pale de Albert Valdman, yon lengwis fransè k ap fè rechèch depi lontan sou kreyòl ayisyen. Valdman pibliye plizyè zèv, plizyè atik sou kreyòl ayisyen; anpil gen pou wè ak aspè gramatikal lang kreyòl la tèlke: Ann pale kreyòl (1998). Se yon leksikograf tou ki pibliye yon kokenn chenn diksyonè ki rele: Haitian Creole – English - French Dictionary (1981). Se yon espesyalis nan lengwistik kreyòl ak lengwistik fransè. Nou ka mansyone Ernst Mirville (Pyè Banbou) ki jwe yon wòl enpòtan kòm direktè, fondatè «I.L.A.P» (Institut de Linguistique Appliquée de P-au-P). Mirville ap anseye kreyòl depi lontan e li pibliye yon ventèn zèv sou kreyòl, pou frankofòn k ap aprann kreyòl ak rechèch lengwistik sou kreyòl. Nou gen Jean Targète ki pibliye Advanced Grammar of Haitian Creole (1972). Nou ka mansyone lengwis tèlke Pierre Vernet, yon lengwis ayisyen, ki pote anpil kolaborasyon atravè rechèch li sou kreyòl. Li ekri plizyè zèv tou, plizyè tèz sou kreyòl nan «Université Sorbonne». Pami zèv Vernet yo, nou ka mansyone: Techniques d'écriture du créole haïtien (1980) ki yon gid trè enpòtan sou ekriti lang kreyòl la e an menm tan, yon liv ki rich ak «aspè gramatikal» ladan. Nou ka mansyone Yves Dejean, yon lengwis k ap frappe lontan sou kreyòl, yon chèrchè ki pibliye plizyè liv sou kreyòl e ki kapab adapte nan pwogram alfabetizasyon ak edikasyon bileng. Nan plizyè liv sa yo, Dejean touche anpil aspè gramatikal lang kreyòl la. Nou kapab pale de Alix Renaud ki yon powèt, womansye ayisyen k ap viv lontan nan peyi Kanada. Resamman, Renaud soti yon liv ki rele Pale kreyòl. Byenke liv sa a fèt pou frankofòn k ap aprann kreyòl, li touche plizyè aspè gramatikal lang kreyòl la. Nou tonbe kounyeya sou Edner Jeanty ki mete plizyè liv kreyòl deyò deja. Youn nan liv Jeanty yo ki touche anpil aspè gramatikal, se: Let's learn Creole! Jeanty se yon tradiktè ki fè an menm tan yon bèl travay sou «kilti oral la». Lè n ap pale de ‘kilti oral', pa egzanp, nou ka mansyone «kont», «pwovèb»... Yon liv pwovèb li pibliye an kreyòl e an anglè, gen pou tit: 999 Pwovèb Ayisyen . Nou ka mansyone chèchè tèlke Mikelson Hyppolite ki fè yon bèl travay tou nan literati kreyòl la. Youn nan liv li yo, Pwovèb ayisyen aplike, pibliye an twa lang (kreyòl, fransè, anglè). Li pibliye lòt liv tou ki an rapò ak «lengwistik kreyòl» e ki touche plizyè aspè gramatikal lang lan. Gen plizyè tèz anpil chèrchè ayisyen e etranje ekri deja sou lang kreyòl e tanzantan gen rechèch k ap kontinye pibliye; rechèch ki gen pou wè ak aspè lengwistik oubyen aspè gramatikal lang kreyòl la. Mwen kwè tout liv mwen mansyone yo trè enpòtan si n ap fè rechèch sou kreyòl pou tyeke referans. Ansòm, nou wè devlopman kreyòl la lè nou fè tout analiz sa yo, gwo rechèch k ap pibliye sou kreyòl. De jou an jou, sa vin ogmante sou prestij kreyòl ayisyen.

E. Le Phare : Andeyò tout filozofi sa yo, èske w ka pale nou ekzakteman desizyon ki te pouse w ekri gramè sa a? Mwen kwè ou pale de tout antesedan sa yo, yon seri moun ke w li rechèch yo pibliye. Èske w wè nan travay yo t ap fè a, atravè rechèch ou fè sou moun sa yo, sa te pèmèt ou panse tou a yon gramè kreyòl oubyen nan ki kontèks kontribisyon tout moun ou sot pale yo ki fè w vin mete Gramè Kreyòl Védrine sou pye?

E. W. Védrine : Lè moun ap fè rechèch, ou vini ak yon bagay nouvo. Gen moun ki ka rele sa «envansyon». Kèlkeswa se nan syans ou nan literati, ou pa annik rete konsa ou di w envante yon bagay san ou pa t konsilte anyen, san ou pa t tyeke sa moun fè deja. Byenke ou ka vin ak yon bagay nouvo men, ou toujou baze envansyon oubyen rechèch ou a sou sa ki te ekziste. Sètadi, lè w gade zèv ki mansyone deja oubyen chèchè sa yo ki pote anpil kolaborasyon, mwen wè gen yon bagay ki manke, mwen wè pa en yon gramè kreyòl ki ekri an kreyòl ei ki kouvri tout aspè lang lan, yon tèks ki ka itilize pou anseye Ayisyen nan lang manman yo. Se rezon sa a ki fè m te vin fè yon travay diferan de otè mwen mansyone yo.

E. Le Phare : Bon, ou fè yon travay diferan pou te ka soti gramè sa a. Men yon ti aspè toujou, yon travay diferan konparativman a kisa?

E. W. Védrine : Bon, Sètadi, gramè sa a, yon liv de 354 paj, ak tout aspè gramatikal li kouvri, ekri sèlman nan lang kreyòl. Lòt liv mwen mansyone yo, an majorite, ekri an fransè. Y ap sèvi frankofòn oubyen Ayisyen ki pale fransè e ki ap fè rechèch sou kreyòl, lengwistik kreyòl oubyen sou aspè gramatikal lang kreyòl la. Men anpil nan liv sa yo pa kapab itilize si w vle kòm tèks pou anseye Ayisyen kreyòl. Yo plis oryante nan nivo liv rechèch oubyen pou etranje ki bezwen konnen apwopo lang kreyòl la. Nan rechèch pa m nan, mwen analize tout rechèch sa yo, oryantasyon yo epi mwen vin ak yon rechèch tounèf, yon tèks pou itilize nan lekòl (plis nan nivo mwayen, segondè e siperyè). An menm tan tou, Gramè Kreyòl Védrine se yon liv rechèch trè avanse, yon liv referans pou chèrchè ak pwofesè.

E. Le Phare : Si m pa twonpe m, mwen kwè ou mansyone yon kote ki plis an rapò ak moun ki maton nan kreyòl deja. Èske w ka esplike difikilte yon moun ki pa espesyalize an kreyòl ka rankontre nan Gramè Kreyòl Védrine ?

E. W. Védrine : Bon, an tèm de «difikilte», mwen pa kwè yon Ayisyen pral rankontre pwoblèm. Non, mwen pa kwè sa. Mwen esplike tout bagay nan liv la. Kèlkeswa nivo moun nan, l ap konprann liv la, kit li pa lengwis kit li pa grameryen. Mwen fè yon travay kote lektè a ap jwenn li nan beny li. Tout bagay esplike etap pa etap. Kòm mwen mansyone deja, sa depan de nivo moun nan. Pa egzanp, analiz yon moun ki pa lengwis, grameryen ap fè p ap menm ak sa de espesyalis sa yo ap fè.

E. Le Phare : Bon, kòm ou konnen, lè yon ekriven ekri yon entwodiksyon nan yon liv anvan yon chapit kòmanse, gen yon plas enpòtan ladan. Anndan liv sa a, apre entwodiksyon an ou fè yon pale de lang kreyòl la kote ou bay yon ti goute sou sa ou rele: «Bay kreyòl la elan». Nan tèz sa a, mwen panse gen yon filozofi, gen yon soufrans; an menm tan tou, yon vizyon. Èske w ka esplike kontèks ki fè w vin ak yon tèz parèy paske anndan l, mwen panse gen anpil detay?

E. W. Védrine : Ki filozofi ki dèyè tèz sa a: ‘Bay kreyòl la elan'? Filozofi sa a se pouse kreyòl la. Lè m ap pale de «elan», mwen vle di: fè bagay pozitif pou vanse. Mwen kwè nan tout devlopman lang, gen yon seri travay ki pou fèt. Pa egzanp, mwen ka pale de òganize seminè, òganize kolòk, woumble pou diskite sou lang lan, pou vin gen plizyè brase lide, pibliye atik, fè emisyon radyo, televizyon; mwen kwè tout aktivite sa yo vin antre nan kad ‘elan'. Si n ap gade tèz sa a, mwen fè yon seleksyon atik kèk ekriven ayisyen te pibliye nan yon revi mansyèl, Edikatè à l'Educateur oubyen nan kèk jounal. Mwen ka mansyone non tèlke: Michaëlle Auguste («Yon reyinyon pou bay kreyòl la plis fil»), Carrié Paultre («Boukan, jounal moun ki fèk aprann li kreyòl»). Deslande Rincher («Kèlke konsèy pou bay kreyòl la jarèt nan peyi Ayiti»), Mango Dyesifò («Ann ede kreyòl la fleri»). Mango Dyesifò se yon chèrchè trè koni atravè yon ribrik ebdomadè li te konn pibliye nan jounal Haïti Progrès ki rele «Lang manman nou». Nan ribrik sa a, mwen kè Dyyesifò, fè yon bèl travay sou «etimoloji» ak «filoloji» lang kreyòl la oubyen ki travay pou n fè pou n kontinye pouse lang kreyòl la.

E. Le Phare : Dezyèm aspè mwen te wè, sèke ou antre avèk C.P.A.L, ki petèt sèvi yon egzanp nan travay w ap fè. Ki enpòtans sa genyen nan Gramè Kreyòl Védrine ?

E. W. Védrine : Bon, kòm mwen mansyone Carrié Paultre deja ki otè atik sa a: « Boukan , jounal moun ki fèk aprann li kreyòl». C.P.A.L vin tonbe kounyeya nan atik li a kote Paultre di: «

1. Pifò moun ki pale kreyòl pa t fin dakò pou sèvi ak lang lan nan edikasyon pèp la.
2. Pa t prèske gen monitè pare pou montre granmoun li an kreyòl
3. Sant yo pa t ka jwenn kantite liv ak kaye yo te bezwen pou travay la.
4. Lè moun yo te fin aprann li, yo pa t prèske jwenn anyen pou li.

Pou legliz potestan yo ka jwenn solisyon, yo mete tèt ansanm epi yo monte yon komite ki rele an fransè: Comité Protestant d'Alphabétisation et de Littérature (C.P.A.L)»

Li kontinye nan atik la pou l montre w ki desizyon kèk legliz potestan te kòmanse pran pou pote yon solisyon nan pwoblèm lan. Paultre mansyone tou kòman jounal Boukan te rive pran nesans. Mwen kwè jounal Boukan se yon jounal trè enpòtan tou nan devlopman ak literati lang kreyòl la kote l te konn fè mizopwen sou sijè tèlkòm: alfabetizasyon, agrikilti, sante, elatriye, bagay ki enpòtan pou pèp ayisyen konnen. Anplis, yo te gen yon pwogram tou sou antèn «Radyo Limyè» ki te rele «Konesans se richès». Se yon pwogram ki pote anpil eklèsisman pou Ayisyen, pou peyizan nou yo, moun ki plis sèvi ak lang kreyòl la.

E. Le Phare : An jeneral, nou kapab wè e tande tou kijan Védrine te chita pou l vin avèk gramè sa a. Bon, m ap antre dirèkteman nan aspè gramatikal yo e kòm mwen te di ou, pandan w ap pale, an menm tan n ap fè kritik sou yon bagay nou panse dapre nou menm fèt pi byen. Etan lengwis, grameryen e an menm tan otè liv sa a, nou pral pale ansanm avè w sou sa e si nou te kapab fè yon ti referans nan zafè gramè a, kòm tout lang yo prezante prèske menm jan, nou kapab wè ou pale nòmalman nan premye chapit la kote w touche plizyè pwen: òtograf kreyòl la, son, vwayèl, konsòn, grafèm, kontraksyon, apwostòf, tirè, ponktiyasyon, aksanfòs, majiskil, miniskil, italik, gimè... Travay sa a, mwen panse l pran tan e gen anpil lòt bagay ke ou san dout reyalize. Premyèman, èske w ka pale nou nonb de tan liv sa a pran pou te ekri l?

E. W. Védrine : Bon, lè m ap travay sou yon pwojè, mwen toujou bay tèt mwen yon limit, konbyen tan m ap pran pou reyalize sa. Mwen te pran ennan pou konplete liv sa a kote m te mete omwen sizèdtan pa jou ap fè rechèch.

E. Le Phare : E malgre tout sa ke nou wè, mwen te kapab avanse yon premye kritik. Nan plizyè okazyon, mwen wè ou fè referans a plizyè moun. Pa ekzanp, nan premye chapit la kote m panse ki te ka dirèkteman travay Védrine, poutan ou refere a Yves Dejean (Iv Dejan) ke w entwodui nan chapit la. Ki rezon ki fè se yon otè ou pran andeyò de ou menm pou anbrase valè l nan chapit sa a?

E. W. Védrine : Kòm mwen di deja, lè w ap fè rechèch, gen yon seri moun ki te deja fè yon seri bagay. Donk, fòk ou analize sa yo fè e an menm tan, ba yo tout kredi nesesè. Yves Dejean se yon chèrchè ki trè enpòtan pou konnen si w ap fè rechèch sou lengwistik ayisyen. Bon, gen tou plizyè lòt chèchè ayisyen enpòtan nan koze a men kòm ou mansyone Yves Dejean, m ap rete sou li. Kilès Yves Dejean ye? Se yon lengwis ayisyen ki pase plizyè ane nan Nouyòk ap fè e pibliye rechèch sou kreyòl, lengwistik ak edikasyon bileng. Nou konnen ki travay li fè deja nan devlopman materyèl kreyòl pou edikasyon bileng kote anpil lòt pwofesè vin benefisye de travay sa yo. Aktyèlman, Dejan ap viv Ayiti kote l ap kontinye travay li, toujou nan kad edikasyon ak rechèch. Youn nan atik li yo ki te fè anpil eko sou nouvo òtograf kreyòl la, se: «Ann kaze koub òtograf kreyòl la». Revi SEL mansyone: «Atik sa a te parèt deja nan nimewo 358 (26 oktòb 1980) nan jounal Le petit samedi soir . Malerezman, yo te chanje tit la, yo te mete 'Jouke kreyòl la pi ro' e yo pa t di se Iv Dejan ki ekri l...». Mwen kwè l enpòtan lè n ap fè rechèch pou n bay moun kredi kote yo merite. Pafwa ou konn jwenn moun ki swadizan chèrchè k ap eseye pase sou yon seri moun ki kontribye nan rechèch yo a. Yo konsyan lè yo fè sa, yon fason pou lòt moun glorifye yo sèlman. Se sa k fè nan tout rechèch mwen pibliye ou toujou jwenn referans, referans dirèk a lòt moun. Mwen toujou bay tout moun kredi, yon fason pou rekonèt kolaborasyon yo nan travay pa m nan (endirèkteman). Se rezon sa a ki fè mwen repibliye atik Yves Dejean an nan Gramè Kreyòl Védrine. Mwen kwè se yon bèl atik ki pote anpil eklèsisman sou nouvo òtograf kreyòl la epitou, se yon referans dirèk.

E. Le Phare : Bon, m ap kontinye ak yon kesyon ki trè enpòtan; nou konnen anndan vant Gramè Kreyòl Védrine gen yon bagay selon jan w diskite l, mwen panse ou ta renmen pale de li. M ap pale de «kreyòl swa». Mwen panse ou gen anpil pou ta di sou sa.

E. W. Védrine : Bon, si w pran ‘kreyòl swa' pa ekzanp, ou kapab gade yon sòt «varyasyon» oubyen «varyasyon dyalektal» ki egziste sa yo rele «dyalèk». Mo «dyalèk» la, se yon mo ki soti nan lang grèk e ki gen pou wè ak «lang». Men lè n ap pale de ‘dyalèk', kounyeya (an tèm lengwistik), sa vle di: varyasyon yon lang kapab genyen (pa egzanp o nivo fonetik, pwononsiyasyon, semantik) nan yon zòn patikilye. Nan ka sa a, ou kapab pale tou de ‘dyalèk' ki egziste anndan lang kreyòl nou pale a. ‘Kreyòl swa' se yon tèm ke lengwis fè rechèch sou li deja. Pa egzanp, pwofesè Albert Valdman te fè yon prezantasyon sou sa nan setyèm konferans anyèl «H.S.A» (Haitian Studies Association) ki te fèt nan vil Milwaukee, eta Wisconsin (Ozetazini) nan dat 13 oktòb 1995. E menm avan sa, yo pibliye yon kritik Valdman nan liv sa a: La Republique Haïtienne (Gerard Barthélemy et Christian Girault. Édition KARTHALA, 1993) kote Valdman di an fransè:

«Le créole swa n'est pas seulement une question de voyelles arrondies. Il s'agit de structures syntaxiques. C'est aussi une rhétorique. C'est aussi une façon de concevoir les choses. Le problème que je pose n'est pas celui du créole parlé, c'est celui du créole écrit. Ce sont deux choses différentes. Les gens peuvent parler swa e écrire rèk, or il est évident que ceux qui ecrivent en créole rèk ont fait cet effort d'adaptation. Nous n'avons malheureusement pas d'observations du comportement langagier des paysans, mais je suis sûr que leur façon de parler varie selon les circonstances. Ils ont un parler qui est formel, un autre informel, toute une gamme. Je crois qu'il serait très important pour connaître le cas haïtien, d'observer la totalité du comportant langagier des pays si, éventuellement, on veut que le message écrit qui leur est destiné soit compréhensible. Je crois qu'il y a des questions fondamentales qui n'ont jamais été posées dans la querelle de l'orthographe: pour qui écrit-on, à qui sont destinés ces textes?». (pp. 117).

[Kreyòl swa a pa sèlman yon kesyon de vwayèl oral. Se yon kesyon de estrikti gramatikal. Se tou yon fason pou pale, yon fason pou konprann oubyen sezi bagay yo. Pwoblèm mwen poze a pa yon pwoblèm kreyòl pale, men se kreyòl ekri. Se de bagay diferan. Moun ka pale swa epi ekri rèk oubyen, li klè pou moun ki ekri an kreyòl rèk fè efò sa a pou adaptasyon. Malerezman, nou pa obsève konpòtman pale peyizan yo men mwen pa gen dout fasyon yo pale a varye selon sikonstans yo. Yo gen yon fason fòmèl, yon lòt enfòmèl, tout yon varyasyon. Mwen kwè l ta trè enpòtan pou konnen ka Ayisyen an, obsève nèt konpòtman pale peyizan yo si nou vle reyèlman mesaj ki ekri pou yo a kapab dechifre. Mwen kwè gen kesyon enpòtan yo pa t janm poze nan diskisyon sou òtograf la: pou kilès yo ekri, kilès ki pral li tèks sa yo? (Tradiksyon kreyòl: Emmanuel W. Védrine, Gramè Kreyòl Védrine, pp. 79)]

Nou kapab di tou, ‘kreyòl swa' a se yon varyasyon remakad pami moun ki bileng (an patikilye, Pòtoprensyen). Yo gen tandans itilize yon seri mo oubyen pwononse yo «alafransèz» (pwononse yon mo kreyòl ak yon pwononsiyasyon fransè lè mo sa a ta sipoze pwononse ak yon pwononsiyasyon kreyòl), fè «ti bouch pwenti» oubyen tou, vyole yon seri «règ gramatikal» lang nan. Se yon varyasyon ki pwòch tou a «kreyòl fransize». Pa egzanp, yo ka foure «R» kote l pa dwe ye. Pwoblèm ki vin prezante kounyeya, se yon kesyon «nòmalizasyon». Nan kèlkeswa lang nan, ‘varyasyon dyalektal' toujou egziste. Nan ka kreyòl swa, kèk Ayisyen kapab wè l kòm yon «dyalèk prestijye» ki kouran lakay Pòtoprensyen e ki ka an menm tan, konsidere kòm yon «idyolèk» (yon dyalèk nan anviwonnman kote se yon ti klik moun ki pale l pa rapò a yon majorite moun ki pa pale l).

E. Le Phare : Yon aspè lang mwen wè w touche se «filoloji». Èske ou ka fè yon diskite sou sa?

E. W. Védrine : «Filoloji» kapab defini kòm etid istorik yon lang. Etid sa a kapab fèt atravè analiz kritik, yon seri tèks. Se yon etid ki chita nan kad «istwa lang» oubyen tou, «lengwistik istorik». Pa egzanp, si w ap trase rasin mo kreyòl yo, nou ka wè rasin lang sa yo: fransè, afriken, endyen, panyòl, anglè ak tout yon istwa dèyè peyi kote lang kreyòl la pran nesans (an palan de Ayiti).

E. Le Phare : Lòt aspè ki genyen anndan gramè sa a se koze «diksyonè» a mwen wè w touche. E m panse ke diksyonè jwè yon gwo wòl. Èske ou ka pale nou de esans aspè sa a ke w touché anndan vant Gramè Kreyòl Védrine ?

E. W. Védrine : Bon, mwen te vle prezante yon travay kote mwen ta renmen enkli tout bagay ki kapab sèvi kòm rechèch pou analize nan lang kreyòl la sou tout pwen. Se filozofi k dèyè liv sa a. Mwen kwè nan devlopman lang, diksyonè ak gramè jwe yon wòl enpòtan. Se de zouti pou fè lang nan vanse. Sa diksyonè a fè li menm, se rekeyi mo ki nan lang lan, gwoupe yo, defini yo (tou depan de diksyonè a). Nan kad sa a, diksyonè kapab defini kòm yon rekèy mo, espresyon ki ranje annòd alfabetik ak tout definisyon yo pou pote yon enfòmasyon oubyen yon eklèsisman sou mo sa yo. Diksyonè kapab vin tou sou fòm «leksik» (yon mo tokay pou diksyonè nan anpil ka). Gen plizyè diksyonè, leksik ki pibliye deja sou kreyòl ayisyen; pami yo, nou ka site:

1974. PELEMAN, L. C. Diksyonè kreyòl - fransè

1974. FAINE, Jules. Dictionaire français - créole

1976. BENTOLILA, Alain. Ti diksyonè kreyòl - fransè

1981. VALDMAN, Albert. Haitian Creole - English - French Dictionary

1989. JEANTY, Edner. Diksyonè kreyòl - anglè / Creole English Dictionary

1989. FREEMAN, Bryant. Diksyonè Òtografik Ayisyen

1989. HYPPOLITE, Michel-Ange. Atlas kò moun

1989. FREEMAN, Bryant. Dictionnaire inverse de la langue créole haïtienne

1989. FREEMAN, Bryant. Dictionnaire préliminaire des fréquences de langue créole haïtienne

1989. FREEMAN, Bryant. Diksyonè medikal kreyòl (Bryant Freeman)

1990. VILSAINT, Féquière. Pictorial Dictionary of Haitian Creole

1991. VILSAINT, Féquière. Creole - English Dictionary

1991. VILSAINT, Féquière. English - Creole Dictionary

1992. VILSAINT, Féquière. Diksyonè anglè kreyòl

1992. VEDRINE, Emmanuel W. Dictionary of Haitian Creole Verbs With Phrases And Idioms

1992. VILSAINT, Féquière. Idiomatic English - Creole Dictionary

1993. RINCHER, Deslande. Diksyonè Kreyòl - Anglè - Fransè Manman Penmba

1993. TARGÈTE, Jean & URCIOLO, Raphaël G. Haitian Creole - English dictionary

1994. VILSAINT, Féquière & HEURTELOU, Maude. Diksyonè Kreyòl Vilsen

1995. THEODORE, Charmat. Haitian Creole - English / English Haitian Creole Dictionary

1996. VEDRINE, Emmanuel W. Petit lexique du créole haïtien

1996. FREEMAN, Bryant & LAGUERRE, Jowel. Haitian - English Dictionary Dictionary

Si n ap gade lis sa a, n ap wè gen plizè diksyonè ki pibliye deja sou lang kreyòl la. Mwen kwè l enpòtan pou tip de rechèch sa a kontinye, pou fè koleksyon mo ki kapab itilize toujou nan nivo oral men ki poko kouche sou papye. Sètadi, si n pa ekri yo, jenerasyon k ap vini yo pap jwenn yo. Donk, se sa k fè mwen kwè l enpòtan pou te mansyone ‘diksyonè' nan gramè sa a. E yon diksyonè trè enpòtan ki pa soti tèlman lontan, se Diksyonè Kreyòl Vilsen. Otè yo, Féquière Vilsaint ak Maude Heurtelou, fè yon kokenn travay kote pou premye fwa yo leve yon defi nan lang kreyòl la, kote yo soti yon diksyonè monoleng (nan yon sèl lang). Se yon bèl travay e an menm tan, yon modèl pou lòt leksikograf ayisyen k ap vini yo.

E. Le Phare : Bon, anvan nou fini, fò m di w tou ou vini ak lòt tèm anndan liv sa a tèlke «efemis», yon lòt aspè nan lang lan. Ekzanp ou bay la tèlman klè pou mwen, kèlkeswa moun ki konsilte seksyon sa a nan Gramè Kreyòl Védrine ap santi yo alè nan fason ou esplike tèm sa a. Kòm otè liv la, mwen ta renmen ou touche tèm sa a ankò pou oditè yo. Pa ekzanp, ou vin ak yon ilistrasyon nan yon sèn ou ekri kote gen yon diskisyon ant yon machann pwason ak yon moun ki vin achte pwason. Achtè a wè pwason an twò chè, li pa vle achte l epi machann pwason an reyaji, kote l di: « Se pa pwason ou te bezwen... Ou konn byen pwòp sa w te bezwen epi w konn kote w ap jwenn li tou wi!». Si n ap gade nan lespri tèt chaje, langaj difisil nou, ou ka wè sa madanm nan vle di. Nan menm chapit sa a ki gen «retorik» ladan l, ou vin tou ak twa powèm; èske se pou fè elòj powèt yo oubyen yo gen yon enpòtans?

E. W. Védrine : Bon, dabò, pou koze ‘efemis' la, li vin antre nan kad sa nou ka rele ‘retorik' nan yon lang. Lè n ap pale de retorik, se yon fason pou pale oubyen byen pale. Lè n ap pale de efemis, se yon figi retorik oubyen yon tèm pou evite britalite yon mo; konsa, nou kapab itilize yon lòt mo nan plas youn ki ta parèt vilgè, yon fason pou apeze mesaj n ap fè pase a. Kòm ou remake nan dyalòg la, gen yon diskisyon ki pete. De moun yo te ka grennen mo sal jan nou konn tande nan lari oswa nan mache men, langaj la kontwole kote sa pa rive fèt. Nan ka sa a, nou ka analize ‘efemis'. Pou powèm yo, mwen vin ak ilistrasyon twa: «Sen Valanten», yon powèm Patrick Sylvain ekri; «Fanm marabou», youn nan powèm mwen pibliye nan Koze lanmou ak «Malè yon bouk nan zantray Ayiti», yon powèm Moriso Laza pibliye nan jounal Haïti Progrès . M ap pale de ‘retorik' nan seksyon sa a epi mwen te vle vin ak kèk ilistrasyon nan kèk powèm. Lè yon powèt ap ekri, anpil fwa li ka itilize yon langaj metaforik, yon langaj ki chaje ak imaj. Li pa bezwen di klèman sa l vle di a men, li kreye yon langaj pou l di l e langaj sa a pa yon langaj regilye pou dechifre oubyen devine fasilman sa k nan panse otè a. Fò m di w tou se yon estil lè w ap ekri, patikilyèman fiksyon; gen yon fason ou ka manipile lang nan.

E. Le Phare : Ebyen kòm moman an deja rive, Védrine se te yon plezi pou nou te chita la a pou te fè yon ti diskite tou piti sou Gramè Kreyòl Védrine. N ap di tout moun ki t ap tande orevwa, n a rankontre lòt semèn pou yon lòt emisyon.

(fen)

  1. Nòt: Gramè Kreyòl Védrine , 1996, 354 p. - Premye gramè konplè ki ekri nan lang kreyòl, enkli yon bibliyografi ki gen 63 sous.

(Transkripsyon e edisyon Emmanuel W. Védrine)

© E. W. Védrine, 2000-2001

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com