1. Kòmanse espoze pitit ou a liv depi tibebe.
- Li pa janm twò bonè pou kòmanse li (dekri) liv pou pitit ou.
- Lè w ap li, anbrase l epi anmize w avè l.
- Fè sa tounen yon bon moman pou nou toulède.
2. Li a wot vwa pou pitit ou oubyen fè yon timoun ki pi gran li devan l.
- Itilize liv ki pa gen mo oubyen jis pale de foto ki gen tibebe ak jenn timoun.
- Pale de sa ou li a avèk timoun nan.
- Mande timoun nan pou konplete fraz familye ki soti nan chante oubyen liv.
- Lè yo vin pi gran, mande yo pou rakonte istwa a ankò epi relate fè ki nan liv la a lavi yo.
3. Mete de kote lè regilye pou li pou timoun nan chak jou.
- Chwazi yon moman kote ki pa gen bri pou ka li; avan ti somèy, apre oubyen avan y al kouche.
- Li lè yo pote yon liv ba ou epi mande w pou li l.
- Li osilontan nou toulède anmize n ladan.
- Si pitit ou a pa enterese nan lekti, estope epi eseye ankò apre.
4. Tabli yon egzanp kote pitit ou wè w ap li – menmsi se jounal.
- Sonje ke se ou menm ki premye e monitè ki pi enpòtan pou pitit ou.
- Yo imite sa w ap fè.
5. Kite pitit ou chwazi liv ou pral li.
- Kite tibebe yo karese, touche e menm esplore liv la lè yo mete l nan bouch yo.
- Pandan y ap grandi, kite yo touche liv la epi vire paj yo.
- Konplimante pitit ou pou chwa liv yo fè.
6. Si pitit ou vle, reli menm istwa a.
- Sa ede l aprann mo yo, estrikti istwa a, epi aprann pou fè prediksyon sa k ap pase.
7. Ankouraje pitit ou li pou kont yo lè yo pa nan lekòl la.
- Lè yo nan dezyèm ane lekòl, entwodui yo a lòt tip liv kouwè: pwezi, liv syans, biyografi, elt.
8. Ede pitit ou devlope abitid ale nan Libreri Piblik.
- Ale nan Libreri Piblik avè yo lè yo piti.
- Mande yon libreryen èd, l ap toujou kontan fè w jwenn vrè liv ou bezwen a.
9. Konsène w de sa pitit ou ap li nan lekòl.
- Èske pitit ou ap aprann li oubyen li pou aprann?
- Mande pitit ou si yo gen liv pou yo li nan klas.
- Ede pitit ou gade nan tab matyè yo, gran chapit yo, graf, foto, ak endèks lè y ap li pou aprann.
- Ankouraje pitit ou li nan jounal epi chèche «kilès», «kisa», «kilè», «kibò», e «poukisa».
10. Tande, felisite, epi aplodi pitit ou pou efò yo.
- Tande pitit ou; ou pral aprann sa yo konnen e sa yo bezwen aprann.
- Felisite pitit ou pou chwa liv yo fè.
- Aplodi pitit ou lè yo li ak ekri.
(ref.: Cambridge Title I and Even Start)
Haitian Translation: Emmanuel W. Védrine
|