Kilès ki ka esplike leson ISTWA sa a?

(Emmanuel W. Védrine)
 

LESON ISTWA

Fè yon pwofesè istwa esplike sa --- si l kapab.

Abraham Lincoln te eli nan Kongrè Etazini an 1846.
John F. Kennedy te eli nan Kongrè Etazini an 1946.
Abraham Lincoln te eli prezidan an 1860.
John F. Kennedy te eli prezidan an 1960.
Toude te konsène, patikilyèman, ak dwa sivil.
Yo te tire toude prezidan yo yon vandredi.
Yo te tire toude prezidan yo nan tèt.
Sekretè Lincoln la te rele Kennedy.
Sekretè Kennedy a te rele Lincoln.
Se asasen sidwa ki te asasine toude.
Toude te gen siksesè sidwa ki rele Johnson.
Andrew Johnson, ki siksede Lincoln, te fèt an 1808.
Lyndon Johnson, ki siksede Kennedy, te fèt an 1908.
John Wilkes Booth, ki te asasine Lincoln, fèt an 1839.
Lee Harvey Oswald, ki te asasine Kennedy, fèt an 1939.
Yo te rekonèt toude asasen yo pa twa (3) non yo.
Toude non yo gen kenz lèt ki konpoze yo.
Yo te tire Lincoln nan yon teyat ki rele «Ford».
Yo te tire Kennedy nan yon vwati ki rele «Lincoln» konpayi «Ford» fè
Yo te tire Lincoln nan yon teyat epi asasen l lan kouri kache nan yon depo.
Yo te tire Kennedy apati yon depo epi asasen l lan kouri kache nan yon teyat.
Yo asasine Booth ak Oswald avan jijman yo.
Epi men manman koze a:
Yon semèn avan yo te tire Lincoln, li te Monroe, Maryland
Yon semèn avan yo te tire Kennedy, li te ak Marilyn Monroe.

[Tèks ki sikile sou entènèt la, otè enkoni.
Tradiksyon anglè - kreyòl: E. W. Védrine (7 jiyè 2005)]

boule

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com