Ki vrè definisyon w
ta bay Globalizasyon?

Wesly Deguerre 

MEYÈ DEFINISYON GLOBALIZASYON !

Repons: Lanmò prensès Diana.

Kesyon: Poukisa?

Repons: Yon prensès anglè ak yon mennaj ejipsyen ki mouri nan yon tinèl fransè, pandan yo te nan yon machin alman ki gen yon motè olanndè, yon chofè bèj ki te sou t ap kondi, ki te bwè yon wiski ekòsè, (tyeke boutèy la avan ou chanje fason l ekri) ke yon gwoup paparatsi italyen t ap suiv, sou motosiklèt japonè, ke yon medsen ameriken trete, ki itilize medikaman brezilyen.

Mesaj sa a se yon Ameriken k voye l ba ou, ki itilize teknoloji Bill Gates, e pwobableman w ap li l sou ekran konpitè w, ki itilize pwodui taywanè (a bon mache), ak yon ekran koreyen, ke ouvriye bengladèch monte pyès yo nan yon izin ki Sengapò, ke yon chofè endyen transpòte, Ki te detounen pa Endonezyen, Ke Sisilyen dechaje, chaje nan kamyon pa Meksiken pou al jwenn ou.

Zanmi, se sa yo rele Globalizasyon!

Wesly Deguerre
Enjenyè Rezo
Enjenyè Sistèm

[HC version: E. W. Vedrine]


Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com
 
 
logo