Ayiti

Swè m pou eleksyon novanm 2000 yo Ayiti

Emmanuel W. Védrine

novanm 2000
 

N ap di Bondye mèsi Lame Restavèk La pa la pou vin brake fizi pou grennen Ayisyen inosan atè. Ann kite pèp ayisyen manifeste chwa l pou moun li ta vle gouvène l 7 fevriye 2001. Ann aprann respekte chwa majorite.

Li lè pou n aprann pran responsablite granmoun nou tou pou peyi etranje pa vin ban n dikte e se youn nan pwoblèm lè y ap monte tèt yon seri politisyen visye lakay ki sousye de enterè pèsonèl yo olye de enterè peyi a. Epi nou konnen lakay bezwen nou tout pou rebati l.

Ann kòmanse panse kijan nou kapab kontribye nan travay ki bezwen fèt lakay, kijan nou kapab patisipe ak fòs nou, kòb nou, nanm nou. Toujou gade patisipasyon w nan avantay peyi Ayiti, nan avantay tout Ayisyen men pa nan avantay yon grenn lidè oubyen yon pati politik ki ta sou pouvwa. M ta swete tou nouvo gouvèlman ki va pran renn pouvwa a (7 fev. 2001) pou l ta reyèlman panse a "dyaspora a" (kòm sous vital pou elanse Ayiti sou tout fòm; se de vrè zèl zwazo a pou l vole) e ki estrateji li pral mennen pou dyaspora sa a patisipe 100% nan rekonstriksyon Ayiti).

Gen anpil travay ki dwe fèt e koze "sekirite pou tout moun" ta dwe nan tèt ajannda nouvo gouvèlman an kòm youn nan engredyan enfrastrikti k ta dwe sou pye nan nouvo milenè a pou fè peyi a bouje.

Ansanm ansanm (nan diyite, respè youn pou lòt, san ògèy ak egoyis) nou ka rebati Ayiti, nou ka leve anpil defi pou reprann onè nou nan listwa. M ap swete tout kandida bòn chans epi pou yo panse a Ayiti Cheri nan syèk tounèf la, panse a devwa yo anvè peyi a etan politisyen e panse a kijan listwa pral jije yo demen.

Patriyotikman,
E. W. Védrine

© E. W. Védrine, ivè 2000

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com