Ayiti

«Batèm Capois Lamort»

Charlot LUCIEN

(CD: TI CYPRIEN, DOKTÈ YA BEZWEN)

Capois La Mort
Capois La Mort par Stephen SAINTILUS. Carrie Art Collection

Desalin gade jeneral li yo ki kanpe an ran
Li gade sòlda l yo ki kouvri ak san,
Pye atè, san chemiz, pantalon dechire
Depi plizyè jou yo pa manje, yo pa dòmi
Desalin t ap manje dan li
Figi l de move
2 (de) je l te wouj tankou 2 chabon dife
Li voye je l sou jeneral li yo:
«Lamartinière!»
- Wi, kòmandan!
«Pran kèk vanyan, mache pran Vertière»
«François Capois!»
- Prezan!
«W ap monte sou La Butte Charriéé
M pa bezwen konn si se sou chwal, si se apye
M pa bezwen konn konbyen kadav ou kite sou wout
Men nan dezèdtan, m vle ou fann bit la an doubout
Pou antere Rochanbo,
Sòlda l yo ak tout chen l yo»
Kapwa vòltije sou chwal li:
«Grenadiés à l'assaut!»
Sòlda l yo plonje dèyè Kapwa sou chwal li:
«Annavan!»
Men pou atake, fòk ou pase anba ren mòn nan
Grenadye franse lagon w rafal, dividal bal
San blayi, gason tonbe anba w mitray fatal
Kapwa vire, menm nan solèy lan je l ap fè zeklè:
«A l'assaut!»
Yon bal  kreve chapo panach li, voye l atè
Msye pase men sou tèt li, li leve epe l:
«Grenadye!»
Sòlda franse tranble
Lè Kapwa leve
Li ralon w kanno
Boulèt tonbe tankou lapli
Kapwa devan.
Yon boulèt kanno teke chwal li
Yon moman blan an fin chante:
«Nous l'avons eu cette fois»
Yon mas san leve anba kadav chwal la
Se Kapwa!
Li vole sou w lòt chwal
Epi epe l anlè:
«Grenadiés à l'assaut!
Nanpwen manman, nanpwen papa
Sa k fout mouri, zafè a yo!»
Yon woulman tanbou pete nan mitan batay la
Yon lespri di jal Rochanbo:
«Kanpe la!
Si bal ak kout kanno pa fese nèg sa a atè,
Fòk ou kwè l pa senp,
Al peyi l lonè!»
Rochanbo fè leve yon drapo blan
Li leve 2 ofisye, voye y al di:
Ochan!
«Compliment à l'officier indigène, à l'officier noir
Qui vient de couvrir de gloire!»
Sa w tande an,
Grenadye yo te di ki sovaj yo
Kite ofisye franse yo tounen nan pòs yo
Epi lamitray te tonbe grennen pi rèd ankò.
Se depi jou sa a
François Capois te batize:
Capois Lamort.

(fen)

Transkripsyon: Emmanuel W. Védrine (jen 2004 )