Ayiti

Baay Florida sa a genlè se yon waytouke
k ap fè politisyen chimè

Emmanuel W. Védrine
 

Baay Florida sa a... de tout fason se yon sous enspirasyon totalkapital, se esperyans granmoun nan. Se yon trajikomedi. Byenke sitwayen Jan MAPOU k ap viv nan Miyami ekri kèk trajikomedi (kouwè DPM - Kanntè...), li posib pou kouzen MAPOU ak kèk lòt Koukouy ap layite yon pyèsteyat longpleying sou koze sila a.

Bon, gen kèk mesaj poste nan plizyè fowòm sou koze a, men m remake anpil moun pa tèlman debat koze a nan fowòm ayisyen yo, yon koze k si enpòtan nan kad Kominote Ayisyèn nan konte sa yo Florida, patikilyèman Miami Dade County kote 10.700 bilten (alò bilten papiyon) ta pase nan machin men moun poko konnen si pèp la te vote pou Jak osnon pou Pyè.

Se premye fwa m wè yon tèl pyèsteyat politik Etazini. Sèn yo long long! Sèn yo pi long pase yon lajounen mizè, pi long pase larivyè Misisipi. M tande yo toujou di pa janm gen koudeta k fèt nan peyi Tonton Sam; sètadi peyi ki ta pi demokratik sou latè benni. Poudi se vre? Yodi genlè manti. Bon Yodi, ou manti tankou chen!

Je pa gen bòday, ann gade sa k ap rive nan kèk jou pou zafè kle a mesye yo bezwen pou ouvè depo tranzisyon an ak kèt y ap fè pou ti seza anvan 20 janvye rive. Joujoulakonmedi, ou menm ki patwon tout konmedi sou latè, esplike nou non konmedi sa a! Di nou non Joujou si Oliwoud pa pral soti yon fim waytouke sou teyatanwon sa a.

(E. W. Vedrine)

This Floridian stuff seems to be a
‘W2K Bug' making politicians chimeric


Emmanuel W. Védrine

This Floridian stuff... any way it's a great inspiration, experience of the elder. It's a tragicomedy. Though the citizen  Jan MAPOU who is living in Miami writes some tragicomedies (such as DPM - Kanntè...), it's possible that MAPOU, along with other "koukouy" write a long  play on that particular event.

Well, there are some messages posted on some forums, but I notice that many people don't debate this issue too much on the Haitian forums, something that's so important in the case of the Haitian community in these Florida's counties, particularly Miami Dade County where 10.700 butterfly ballots would go through the machines but we don't know yet who voted Jack or Peter.

It's the first time I see a such political play in the U.S. The scenes are quite long! Longer than a day of misery, longer than the Mississippi River. I always hear that there never been any coup d'état in Uncle Sam's country; that is, the most democratic country on earth. Is it really true? They Say seem to be lying. Well, They Say, you are absolutely telling a lie!

Eyes have no border, let's wait and see what's going to happen in few days regarding the issue of "key" they need to open the warehouse transition and fund that they are collecting before January 20th. Joujoulakonmedi, you who are the patron of all saints on earth, please explain to us the name of this comedy! Tell us Joujou if Hollywood is going to have a movie that W2K theatre.

(E. W. Vedrine)

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com