Four Parachutes / Kat parachit

Tradiksyon anglè – kreyòl yon blag ki sikile sou entènèt la –

Emmanuel W. VEDRINE

Parachit
Photo Donnalucata, Sicilie.
Yon avyon te prèt pou kraze. Te gen senk pasaje abò, men te gen sèlman 4 parachit.

Premye pasaje a di:

«Mwen se Ronaldo, meyè jwè foutbòl nan lemonn. Monn foutbòl la bezwen m, epi m pa ka mouri sou fanatik mwen yo.»

Dezyèm pasaje a, Hillary Clinton, di:

«Mwen se madan ansyen prezidan Etazini an. Mwen se senatè Nouyòk epi m gen bèl chans pou m vin prezidan Etazini demen.»

Li pran yon parachit epi l vole deyò avyon an.

Twazyèm pasaje a, George W. Bush, di:

«Mwen se prezidan Etazini. Mwen gen yon gwo responsablite nan lemonn. Mwen se prezidan ki pi entelijan nan istwa peyi m e m pa ka pati kite responsablite pèp mwen pou m ta mouri.»

Li pran yon parachit epi l vole deyò avyon an.

Katriyèm pasaje a, lepap, di senkyèm pasaje a, yon jenn tigason lekòl:

«M fin granmoun. Mwen gentan viv lavi m jan monpè dwe fè sa donk mwen kite parachit la pou ou. Ou gen rès vi w devan w.»

Tigason an reponn:

«Pa enkyete w tonton… Gen yon parachit pou nou chak ! Prezidan Ameriken ki pi entelijan an te pran valiz lekòl mwen…»

MORAL ISTWA A…

Chak peyi gen prezidan l merite.
 

 
 
Logo