Bèl Blag

Sa timoun yo panse de lanmou

(What the kids think of love)

(Creole translation: Emmanuel W. VEDRINE)

Randy Mont-Reynaud
Randy Mont-Reynaud © 2004 Windows on Haiti

Thanks to Ketty Verdier for sharing these texts with us (on the Haitian Politics forum - Saturday, September 10, 2005). They may appear funny to many of us, but at the same time these answers come from deep from the innocent hearts of these children. They are so funny that I've decided to translate them to Haitian Creole for a larger audience and maybe, some teachers maybe inspired by them to do different projects with kids that they teach. Have fun reading them in Haitian Creole! – E. W. Védrine.

N ap di Ketty Verdier mèsi dèske l pataje tèks sa yo ak nou (sou fowòm Haitian Politics – samdi, 10 septanm 2005). Yo kapab parèt komik pou anpil nan nou, men an menm tan, repons sa yo soti nan fon kè tilejanj inosan sa yo. Yo tèlman komik ke m deside tradui yo an kreyòl ayisyen pou yon pi gwo odyans e petèt, yo kapab enspire kèk anseyan pou travay sou diferan pwojè ak timoun y ap anseye. Anmize n nan lekti yo an kreyòl! – E. W. Védrine.

«Lè granmè m gen atratis, li pa t ka koube pou l pentire zong pye l ankò. Donk granpè m fè l pou li tout tan, menm lè li gen atratis nan men l tou. Sa se lanmou» -- Rebecca  (laj: 8 ane)

«Lè yon moun renmen w, fason yo di non w, li diferan. Ou jis konnen non w an sekirite nan bouch yo» -- Billy (laj: 4 ane)

«Lanmou se lè yon tifi mete pafen sou li epi yon tigason mete ‘ after shave' (apre razaj) sou li epi yo pran lari, epi chak santi lòt» -- Karl (laj: 5 ane)

 «Lanmou se lè w soti al manje epi yon moun ba ou pifò nan frit (pòmdetè fri) li yo san moun sa a pa mande w bay anyen nan pa w» -- Chrissy (laj: 6 ane)

«Lanmou se sa k fè w souri lè w fatige» -- Terri (laj: 4 ane)

«Lanmou se lè manman m fè kafe pou papa m epi l pran ti tak avan l bay misye, dekwa pou asire l ke gou a bon» -- Danny  (laj: 7 ane)

«Lanmou se lè ou ap bo tout tan. Epi lè w fatige, ou toujou vle pou ansanm epi w pale plis. Manman m ak papa m konsa. Li degoutan lè y ap bo» -- Emily (laj: 8 ane)

«Lanmou se sa ki nan chanm nan ak ou epòk Nwèl si w estope pou pa ouvè kado epi w ap tande» -- Bobby (laj: 7 ane (Wow!)

«Si w vle aprann renmen plis, ou dwe kòmanse ak yon zanmi ou rayi » -- Nikka (laj: 6 ane) (Nou bezwen kèk milyon Nikka an plis sou planèt sa a)

«Lanmou se lè ou di yon gason ou renmen chemiz li, epi l mete l chak jou» -- Noelle  (laj: 7 ane)

«Lanmou se kòm yon ti granmoun fanm ak yon ti granmoun gason toujou ret zanmi menm apre youn fin konn lòt trè byen»  -- Tommy (laj: 6 ane)

«Pandan resital pyano m nan, mwen te sou podyòm nan epi m te pè. Mwen gade odyans lan k ap gade m epi m wè papa m k ap voye men ban m ak souri nan figi l. Se sèl li menm ki t ap fè sa. Mwen pa t pè menm ankò » -- Cindy (laj: 8 ane)

«Manman m renmen m plis pase tout moun. Ou pa wè pèsonn lòt moun ki bo m lè m pral dòmi nan nuit…» -- Clare (laj: 6 ane)

«Lanmou se lè manman m bay papa meyè mòso poul la» -- Elaine (laj: 5 ane)

«Lanmou se lè manman m wè papa m santi fò, li swe epi l toujou di misye pi bo gason pase Robert Redford» -- Chris (laj:7 ane)

«Lanmou se lè ti chen w niche figi w menm lè ou kite l pou kont li tout jounen» -- Mary  Ann (laj: 4 ane)

«Mwen konnen pi gran sè m nan renmen m paske l ban m tout vye rad li yo epi l soti al achte rad nèf » -- Lauren (laj: 4 ane)

«Lè w renmen yon moun, sousi w monte desann epi ti zetwal sot nan ou» (yon bèl imaj) -- Karen (laj: 7 ane)

«Renmen se lè papa m wè manman sou twalèt la epi l pa panse se yon bagay ki lèd» -- Mark (laj: 6 ane)

«Rèman, ou pa dwe di ‘mwen renmen w' si sa pa sot tout bon nan nan ou men si se sa, ou dwe di sa anpil. Moun bliye»  -- Jessica  (laj: 8 ane)

E yon dènye – Otè e konferansye Leo Buscaglia, yon fwa pale de yon  kontès kote yo te mande l pou l sèvi jij. Rezon kontès sa a se pou te jwenn timoun ki montre l pi sousyan an (pou l ede). Gayan an te yon timoun katran; vwazen ki te ret tou pre l la se te yon granmoun gason ki te apèn pèdi madanm l. Lè l wè tonton an ap kriye, ti gason an ale nan lakou tonton an, li monte sou janm li epi l chita. Lè manman l mande l kisa l te di vwazen an, ti gason an di: «Anyen, mwen jis ede l kriye»

 

 
Logo