Ayiti

Twa Degout

Saint-John Kauss
 

Twa Degout Twa Degout

TI-KÈM
Ti-kèm
pa t'ko zwezo
ti-kèm pa t'ko chante
lalin te damou jous l'about
nan jaden santiman-m

Ti-kèm pat'ko flannè
ti-kèm pa t'ko sansal
de je-m klere
zetwal fè mikalaw
nan bitasyon granmèt la

Ti-kèm
pa t'ko pati
ti-kèm pa t'ko bwòdè
janm pantalon plake
tout tifi alaso

Ti-kèm pa t'ko dyaye
ti-kèm pa t'ko fete
bweson tape koule
pou tout sa ki nan wout
k'ap kontinye mache

Ti-kém
pa t'ko te bat
ti-kém
pa t'ko jemi
la-a Sendomeng l'ap tande :
No mata, pié... no mata. haitian
Tomà cuatt

Ti-kém se te kazwel :
vye kòk lavil
vye kòk lakay :
gèp panyol
nan siwomyèl.

Astorya. Kwins, Nouyok,
22-7-1982

 

NOUYOK
Nouyòk
ou bèl
Nouyòk
ou sal
men nou renmen-ou

Limyè ak fetay kay
se konbèlann lavi-ou
nansyon ak kout grinbak
se komisyon espwa-ou

E tout bèl chimen sa yo
e tout bèl bebe sa yo
e tout bèl lekòl sa yo
e tout bèl otomobil sa yo

Nouyòk
se gran nègès
bèl devire gran chire
gwo flè solèy ak flanbwayan
bèl lantouray ak anpil kretyen
vivan

Prizon ak twou sobwe
se pwonmennen chache-ou
Lwijan Boje ak baboukèt
se bolid vonvon
nan bouch laverite
bèl dyal ak bon jennjan
se dlo kann zannana sikre-ou

Nouyòk
se peyi bondye
Nouyòk
pa peyi kado
Nouyòk
se eskandal
se jennral lakilti
se litani nan vèy pwovens ponmmalkadi
se michan baskil anba bouk..
se gwo chwal pòt... anverite

Nouyòk: se labib malere...

Nyoukék. Boouklin. Nouyòk
23-7-1982

 

TIZON DIFE
Tizon dife te fè moukmouk
nan raje kè-m depi jou sa-a
m'pa dòmi m'pa manje
m'pa f è bri mwen te katkat
se te chagren malokipe
pataswèl chwal ak mekreyan
youn bèl lide youn bèl timounn
ki t'ap tiye-m ki t'ap mennen-m
se te Doudounn tanpri souple
ki t'ap lave-m ki t'ap pase-m
tankou youn derechany wòb Kaliko

Tizon dife te fè moukmouk
nan jaden kè-m depi jou sa
kouri kache sou gwo solèy
eske gen mounn gwo zotobre
ki pat soufri youn jou konsa
m'ape tranble tank mwen damou
san-m sezi kè-m tresayi
kanpe tande leve gade
mwen toutouni san youn peni
nou de sèlman nan youn legliz
se rèv mabyal di sa ou vle
nèg tèlman fè zòt di li mèsi

Tizon dife te fè moukmouk
sou tèt poflè-m youn jou konsa
m'ap boujonnen m'ape veye
pou evite grenn pwonmennen
depi jou sa-a anverite
m'pa dòmi m'pa fè bri
m'pa boude m'pa fache
m' tèlman swe m'vanse rive
m' ap lapriyè pou kòt lonbrit
ki sou woulib ki pa konnen
k'ap pran lawout pou yo rive

-Anverite lanmou se lafimen-

Kowona, Kwins, Nouyòk
24-7-1982

 

TANDE
N'ap kabicha sou granchimen
gade solèy gentan leve
tankou kòk kalite sou fwontyè
brasewòs yo ale brasewòs yo tounen
timounn grandi granmounn vyeyi
m'vle kanpe pou m'sa manje

Nou gen mabi nou do touni
n'ap balanse debra dèyè
ki jan sa ye se ou k'konnen
pou m'pa mouri men labapen
pou ou ka kanpe men sinistre
se kòdonye ki fè soulye
nan peyi mwen chache lavi
se bon zanmi ki pou soutni-ou

N'ap kabicha se pa jodi
ki jan ou ye mwen pa konnen
depi lonbrit jouk nan mwèl tèt
se kenbe kò-ou pou pa tebe
sou tèt waf la youn dayiva
depi nan syèl jouk nan fyèl tè-a
l'ape chache li pa twouve

se bon kretyen ki pou sove-l
tèt ou kale ou pa konnen
n'ap goudiye nou renmen sa
n'ape kriye pou redengòt
se gwo zafè youn soulye blan

Nou gen kouraj pou n'monte mòn
n'a pran plakbòl pou plat manba
n'a pran ganmèl pou vye chodyè
se malere ki bwè tafia
depi kilè mwen pa konnen
se revòlvè-l lape chache
pou li gonfle-n anba manti
manti vini manti kaba
li disparèt de vyet timounn
ki sa nou vle mwen pa konnen
peyi-m genyen peyi-m plenyen
galèt nan pòch vye dag nan fouk
se byennere k'achte lavi
si ou pa konnen fè kwa sou bouch
koute tande ak wè se de

–Se pou ou vye frè m'ape chante–

Wozdél, Djomeka, Nouyòk
25-7-1982

 

SOLEY
Se youn ti dife
Bondye mete
pou ba nou limyè
pou ba nou sante

se youn bèl mèvey
granmèt la kreye
pou degèpi lawouze
pou souke kò malere

Solèy se potorik gason
se granfrè lalin k'ape
flannen tou leswa
se flach lanati k'ape
kriye : ke je sui zere.

Solèy se boul l ò
zansèt nou yo te damou anpil
yo te adore-l
san mande rete

Se youn michan boulpik
k'ap fè ladopa sou tèt vant reken
Ay ! se sa nèt

Konpè solèy se bèfchenn timounn yo
se kouzen lespwa
se bòfrè lavni
se flach lanati
k'ap chante toutouni
viv lavi.

Elmès, Kwins, Nouyòk
26-7-1982

 

YOUN FREDONMAN
Mwen mande pou kisa
lavi-a zoupendoup yo
mwen mande pou kisa
mètagason yo pantan
madanm jenou tè
pitit pran kanntè
tonton papa ap reve
di mwen
douman separasyon ak dezespwa
fin filange yo sou pye doulè
zetwal nan syèl an dèy
manzè lavi blenm foula nan kou
ape koute san konesans
tantin youn jou konsa
tonbe mande lacharite
di mwen
kouman pou m'rekonnèt mizè lakay
sou lestonmak gwo kayiman
ban-m lavi pran lavi-m
san dèyè san devan
nan sosyete timounn peyi pa-m
anpil solèy anpil pwoblèm
kote ou pase youn mazenflen
de janm kanbral ap bwè tafya
tankou epav t'ap kaladya
mwen mande pou kisa
yo pa drèt yo manke limyè
youn tilanj senk an reponn :
– Nou chita mal kat la bat mal
zòt fè ladennyè sou nou -

Nouyòk 6-8-1982

 

GIDON LANMO
Youn dividal jenn gason
Ap mache kon epav nan lari Pòtoprens sanzave je klere
jenn tifi banbochè
gade yo gade yo
tout koulè san manman
byen vivan nan lapenn
Mouche monte sou sèn
li kajole li karese li miyonnen
lannuit pote kochma
sansal pa lapriyè
depi kilè Bouboul te konvèti
Fatra sou tout granri
mizè nan tout riyèl
jenès nan tout rakwen
flannè ap kadanse
boujwa ap pwonmennen
pou n'efase tou sa ki fè nou mal
pou n'pwoteje tout mounn y'ap toufonnen
pou n'mete youn lòt dekò sou sèn nan
an nou gide lanmò
An nou gide tennèb
N'a leve je-n n'a wè solèy
N'a souke kò-n n'a detounen loray

Nouyòk 11-8-1982