AYITI

Gwo fowòm sou vyolans ki afekte timoun

Marie Ludie Monfort


Nan yon nòt pou Laprès, Plan Ayiti, yon òganizasyon entènasyonal devlopman kominotè ki santre sou timoun, anonse, pou okazyon jounen entènasyonal kont abi k ap fèt sou timoun, dimanch 19 novanm k ap vini la, ap gen yon fowòm nasyonal sou tèm; «Vyolans ki afekte timoun» vandredi 17 pou rive dimanch 19 novanm nan Karibe Convention Center ki nan Petyonvil.

Santrant (130) timoun ki sòti nan 10 depatman peyi a ak nan Repiblik Dominikèn ap gen pou patisipe nan gwo fowòm sa a. Plan Ayiti fè fowòm sa a nan tèt kole ak Koalisyon Ayisyèn pou Defans Dwa Ttimoun (COHADE), World Vision, Volontarya pou Devlopman Ayiti (VDH) epi Plan Repiblik Dominikèn.

Prensipal objektif fowòm sa a vize se:

  • Rive kreye yon espas ki pèmèt timoun ki sòti nan tout rejyon peyi a ak nan Repiblik Dominikèn pou pataje esperyans yo sou sijè ki afekte yo;
  • Pwopoze solisyon pou ranfòse e ankouraje rezo timoun k ap defann dwa yo;
  • Fòme yon rezo nasyonal timoun k ap defann dwa yo;
  • Ankouraje inisyativ ki fèt nan kominote yo ki garanti byennèt tout timoun ak patisipasyon yo nan desizyon y ap pran ki konsène yo.

Yo òganize fowòm sa a tou pou mete bout ak inisyativ yo te pran deja tankou:

  • Atelye fòmasyon pou timoun sou tout tipa k tout fòm vyolans k ap afekte yo nan kominote a
  • Dyagnostik timoun yo fè sou fòm vyolans k ap afekte yo nan kominote yo
  • Atelye sansibilizasyon pou paran yo sou vyolans k ap afekte timoun yo ak empak yo genyen sou devlopman yo
  • Atelye sansibilizasyon pou jounalis yo sou repòtaj y ap fè sou vyolans ki afekte timoun
  • Fowòm ki rasanble timoun tout depaman peyi a pou pataje rezilta Dyagnostik yo fè nan kominote y ap viv pou yo kapab fè yon plan aksyon k ap pèmèt yo mobilize kominote yo sou vyolans k ap afekte timoun yo
  • Òganize eleksyon pou fòme plizyè rezo nan tout depatman yo pou timoun k ap defann dwa yo nan Nòdès, nan Sidès ak nan Lwès
  • Fè timoun fè emisyon nan radyo pou sou tèm vyolans.

N ap raple timoun yo se premye kategori pi ki touche ak sitiyasyon vyolans ki genyen nan peyi a.

Marie Ludie Monfort
novanm 2006
 

 
Logo