Mwa kreyòl, epi…

Marie Ludie Monfort


Kalbas et bwa lélé
Kalbas et bwa lélé. Photo F.P.

Nan okazyon mwa kreyòl ane sa a, nou te obsève anpil aktivite te fèt isit an Ayiti kou nan lòt peyi ki gen kominote kreyolofòn. Pa bò isit, Fakilte Lengwistik Aplike sou tèm: “Lang kreyòl, yon zouti ki simante tout Ayisyen pou yon lòt sosyete“ te pran yon semen pou òganize yon seri koferans deba sou lang kreyòl. Epi jou ki te 28 oktòb, ki se jounen entènasyonal lang kreyòl, li te òganize yon gwo banbòch nan Rèks teyat kote li te remèt jounalis prim nan kad yon konkou repòtaj an kreyòl li te met sou pye. Asosyasyon ayisyèn Etidyan an kominikasyon (AHECS) ki chita kòl nan Fakilte Syanzimèn te pase tout mwa oktòb la ap pale de lang kreyòl nan sosyete a nan kad yon emisyon asosyasyon sa a anime nan radyo Maxima chak samdi a nevè nan maten. Asosyasyon eskout Ayisyen nan tèt kole ak SAKS epi Fondasyon Marice Sixto te pase yon mwa, dat pou dat, 28 septanm - 28 oktòb, ap òganize yon seri aktivite nan dis depatman peyi a: konferans- deba, ekspozisyon ak vant siyati liv kreyòl, …

Lòt kote ki gen kominote kreyolofòn te òganize epi kontinye òganize jiskaprezan yon seri aktivite. Asosyasyon Kalbas Lò Lakarayib (KL2) ki chita kòl nan Matinik te lanse depi nan mwa davril yon konkou pou ekriven nan lang kreyòl, keseswa kreyòl ayisyen, keseswa nan kreyòl matinikè, gwadloupeyen, dominiken. Li te remèt pri yo jou 28 oktòb la. Samdi 14 oktòb, HAPAC ki se asosyasyon ayisyen pwofesyonèl nan Connecticut, te reyini yon bann ekriven ak atis nan Ferguson Library South End Branch pou selebre mwa doktòb la ki se mwa kreyòl. Aktivite sa a, yo fè chak ane nan mwa doktòb, te reyini anpil ekriven ak atis ti soti tou patou tankou: Maude Hertelou, Jeanie Bogart, Berthony Dupont, Jerry MC Georges, Franz Benjamin, Jocelyne Dorismé… Montréal (Kanada) p at rete bra kwaze pandan mwa Oktòb la. Sou tèm «M pale kreyòl, mwen ekri kreyòl», soti 30 septanm pou rive 28 oktòb, li te fè yon seri aktivite, tankou: teyat, ekspozisyon, konsè…

Medya yo tou te patisipe jan pa yo. Jou 28 oktòb, te gen emisyon espesyal nan radyo. N ap atire atansyon lektè yo, pou nou di, gen yon sit entènèt enfòmasyon yon seri ayisyen k ap viv nan Boston ap dirije te parèt sou entènèt la an kreyòl, nou vle pale de sit www.infohaiti.net. Pou jounal ekri yo, Jounal Bòn Nouvèl (yon jounal kreyòl ki sòti chak mwa) te sòti bèl dosye sou lang kreyòl pandan mwa oktòb la. Le Nouvelliste te sòti yon paj kreyòl pandan wikenn jounen kreyòl la. Malerezman jounal Le Matin, ki te koumanse bay kreyòl la yon tiplas chak semenn nan paj li yo, pa t sòti paj kreyòl li a pandan tout mwa oktòb la. Poukisa? Enben…

E apre sa a…

Pale sou seri aktivite sa yo ki te fèt nan mwa oktòb la, enpòtan pou nou. Paske sa fè n sonje editoryal reskonsab seksyon kiltirèl jounal Le Matin an, Lyonel Trouillot, te ekri nan jounal degi kiltirèl No 3 ki te parèt wikenn vandredi 6-dimanch 8 oktòb la. Misye ekri: «Chak oktòb, de twa emisyon nan laprès, de twa diskou, de twa seremoni ak kèk aktivite kole pyese, de twa non moun ki te, yo chak nan jan pa yo, fè lang nan vanse: Maurice sixto, Morisseau-Leroy… Epi anyen.»

Sa M. Trouillot ekri a se yon konsta. Apre mwa kreyòl, ki sa a ki fèt? Ki aksyon yo mete an plas pou ankouraje rechèch an kreyòl nan inivèsite, nan lekòl ? Fòn siyale travay Fakilte Lengwistik Aplike nan fè rechèch an kreyòl epi sou lang kreyòl tankou fè analiz semyotik tèks an kreyòl, chèche nouvo espresyon ak mo k ap antre nan lang lan, jwenn diferan sans yo genyen, fè travay tradiksyon an kreyòl… Chapo pou sa! Men sa pa dwe rete la. Fòk tout aparèy leta yo angaje yo nan fè avanse lang lan.

Ki sa ki fèt pou gen plis pwodiksyon literè ak syantifik an kreyòl? Powèt Georges Castera ki se editè tou te di lè li antre nan yon libreri li wè etajè ki gen pwodiksyon kreyòl yo mèg anpil. Se vre yo pa ekri an kreyòl anpil. Moun yo tou pa gen angouman pou li tèks an kreyòl, yo bay tèks ki ekri an franse yo plis enpòtans. «Mwen pa ka li kreyòl!», se agiman sa a yo renmen avanse. Mwen fè eksperyans sa a tou . Mwen te ekri yon tèks an kreyòl sou kwayans ki genyen sou non ti antrepriz yo, mwen pa t jwenn okenn reyaksyon, epi kou mwen gen lide reprann menm tèks la an franse, mwen jwenn reyaksyon. Sa vle di moun yo pote plis atansyon ak tèks ki ekri an franse. Men èske sa dwe dekouraje moun k ap pwodui an kreyòl? Èske sa dwe anpeche leta ekri dokiman ofisyèl nan de lang yo : franse ak kreyòl? Èske se an franse sèlman nou dwe ekri lè nou ap travay nan biwo leta oubyen piblik? Èske reskonsab jounal ekri yo dwe kontinye meprize kreyòl jan de kotidyen pa bòisit ap fè l?

Enbyen, si nou ta poze Edisyon Près Nasyonal kesyon sa yo, mwen si li ta reponn: «non!» Paske inisyativ li pran pou ankadre otè ki ekri istwa fiksyon an kreyòl montre sa a aklè. Mwen si tou, si nou ta poze lengwis Yves Dejean menm kesyon sa yo, li ta reponn: «non!» Paske gran lide li devlope nan liv: «Yon lekòl tèt anba nan yon sosyete tèt anba» pwouve sa a. Ann poze lengwis Pierre Vernet menm kesyon yo. Li va reponn «Non» tou. Paske travay l ap fè nan retire nan tèt etidyan ayisyen yo mantalite ki fè kwè kreyòl pa yon bèl lang, yo pa kapab aprann lasyans an kreyòl…, mantalite sistèm edikatif ayisyen an boujonnen nan tèt yo, ki fin kokobe lespri yo, fè n wè sa.

Enben dapre repons sa yo, ann sispann fè demagoji lè mwa kreyòl sèlman. Ann poze vrè aksyon, jan anpil Ayisyen konsekan ap fè. Fò nou sispann panse kreyòl nan mwa oktòb sèlman pou ekriven, pwofesè, etidyan, jounalis….nou yo, pa di,  tankou Lyonel Trouillot: «Mwa kreyòl, kuip!»

Marie Ludie Monfort
Email

 

 

 
Logo